Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Hilary Clinton Bay Eksplikasyon Sou yon Akò Defans ant Lèzetazini avèk Kolonbi.


Sekretè Deta ameriken an, Hillary Clinton, chache kalme, yon lòt fwa ankò, kè-sote peyi nan rejyon Amerik Latin nan sou yon akò kowoperasyon nan zafè defans militè ant Lèzetazini ak Kolonbi -yon akò ki toujou "à l’étude".

Chèf diplomasi amerikèn nan te pote presizyon sou akò sa a madi 18 out la nan lokal Depatman Deta a nan Washington D.C. kote l te bay eksplikasyon pou l di, nap site: ”Pou nenpòt ki aktivite Etazini ap mennen, fòk genyen akò 2 pati yo davans.

Etazini pa genyen --e li pap chache genyen non plis-- yon baz militè nan Kolonbi. E daprè ankò a, pa pral genyen yon gwo prezans militè ameriken nan Kolonbi. "

Anpil lidè latino-ameriken --an tèt-de-lis nou jwenn prezidan venezuelyen an, Hugo Chavez-- kritike akò sa a. Chèf diplomasi amerikèn nan reaji san l pa site non, pou l mande moun kap kritike yo pran tan pou yo li akò a dekwa pou yo ka konprann se yon akò ki chita sou kowoperasyon ki te toujou egziste ant Washington ak Bogota e ki gen ladan pwogram asistans nan lit kont dwòg la.

Bò kote pa l, minis afè etranjè Kolonbyen an, Jaime Bermudez, presize akò a chita sou prensip de baz tankou egalite ak dwa granmoun chak peyi; prensip pou yon peyi pa anvayi yon lòt ; ak prensip entegrite teritoryal. Mesye Bermudez kontinye pou l di : “Genyen la a yon pakèt kesyon enpòtan e mwen panse li trè-trè-zenpòtan pou ta genyen plis akò konsa pa sèlman ant Kolonbi avèk Etazini, men ant Kolonbi ant lòt peyi nan menm espri a."

Sekretè Deta Clinton ak misye Bermudez te pale sou akò a pandan yon konferans pou laprès yo tebay madi 18 out la aprè yon rankont yo te fè nan Depatman Deta ameriken. Selon akò a, 800 manm lame Lèzetazini an ak 600 anplwaye sivil ameriken tap gen pou travay nan kad aplikasyon fidèl akò a kote Etazini, antwòt, ta va kontwole, a pati de 7 baz kolonbyèn, bato kap fè trafik dwòg sou Pasifik la.

Otorite ameriken yo te kontakte Kolonbi sou posibilite sa a, apre yo te pèdi yon platfòm yo te konn itilize pou sa nan peyi Ekwatè. Prezidan ekwatoryen an, Rafeal Correayon --yon alye politik lidè venezuelyen an, Hugo Chavez-- te refize renouvle yon akò pou Lèzetazini kontinye itilize baz Manta a ann Ekwatè ---yon akò ki te pèmèt Etazini itilize baz sa a pandan 10 dènye ane yo.

Jbeliz@voanews.com

XS
SM
MD
LG