Accessibility links

Breaking News

Afganistan: Vyolans ap Ogmante nan Moman Dat Eleksyon Prezidansyèl la (Jedi 20 Out 2009) ap Pwoche


Nan Afganistan, otorite yo fè konnen yon machin pyeje eksploze sou youn nan wout prensipal ki antoure capital la, Kaboul, kote 3 moun pou pi piti mouri nan moman vyolans la ap ogmante e pandan dat eleksyon prezidansyèl ki fikse pou jedi 20 out la ap pwoche. Moun poko konnen egzatteman si eksplozyon bonm nan te vize yon konvwa sòlda etranje ki tap pase nan zòn nan. Anvan sa, responsab sekirite afgan yo te di omwen yon kout-mòtye te tonbe tou prè palè nasyonal la nan Kaboul, e daprè lòt nouvèl-yo yon kout wòkèt te frape katye-jeneral lapolis la nan kapital la.

Yon lòt kote, Depatman deta ameriken an fè konnen yè lendi a li genyen gwo preokipasyon poutèt retou nan Afganistan yon chèf-de-gè ki te ann egzil, an palan de Abdul Rashid Dostum. Nan yon konferans pou laprès asistan sekretè-deta pou afè piblik, P.J. Crowley, bay lendi 17 out la, li pale klè pou l di Administrasyon Obama a pa dakò ditou ak retou misye Dostum nan, menm jan li pa ta renmen wè misye jwe okenn wòl nan gouvènman ki pral sòti nan eleksyon jedi a. Misye Cwowley ajoute Washington pral pase an revi divès akizasyon abi dwazimen kap peze sou do misye Dostum. Nap site :

"Nou pale klè ak gouvènman Afgan an pou n di li retou misye Dostum nan ak yon posib wòl misye ta jwe nan Afganistan aktyèl la, ban nou gwo kè-sote. Prezidan Obama pran an konsiderasyon nouvèl ki tonbe sou dosye misye e li mande ekip sekirite nasoynal li a ba li plis enfòmasyon sou dosye sa a, san bliye enfòmasyon ki di Abdul Rashid Dostum te mele nan asasina divès prizonye de gè Taliban sa gen kèk ane. E ekip la kontinye rasanble enfòmasyon."

Yon gwoup militan dwazimen, ki rele "Doktè kap Defann Dwa-de-lòm", fè konnen si misye Dostum ta vin okipe nenpòt ki pòs nan Afganistan ---anvan yon ankèt kredib e transparan fèt sou akizasyon kap peze sou do l yo-- nan je sitwayen afgan yo, sa tap vle di gen verite nan pawòl ki fè konprann chèf-de-gè ki te komèt krim yo ap jwi enpinite e lajistis pa egziste nan peyi a.

Jdesmara@voanews.com
XS
SM
MD
LG