Aktyalite a nan peyi d Ayiti: dabò se kesyon ogmantasyon salè minimum nan ki sou tapi ankò nan Palman an. Pandan dirijan chanm yo ap anvizaje mwayen pou yo vanse ak dosye a, sanble gen espwa nan Chanm Depite a pou ta gen yon vòt, avèk siksè, annakò ak Konstitisyon peyi a, e selon regleman Lachanm nan, sou objeksyon Prezidan René Préval kanta salè minimum 200 goud la.
Depite Steven Benoît deklare nan mikwo Lavwadlamerik, "pozisyon kèk Depite afiche nan ti kozman yo fè ak laprès, montre genyen pami yo k'ap ajanse opinyon yo, e ki pi byen konprann dosye a kounye a."
Palmantè a ajoute ke Konstitisyon ayisyèn nan ak regleman Lachanm nan klè: Depite yo pa gen dwa chanje anyen nan sa Prezidan Repiblik la voye tounen ba yo a. Kidonk, se swa yo dakò pou ogmantasyon an pa depase 125 goud pou kounye a, oswa yo vote 200 goud la ankò, tankou yo te deja fè. Li swete va gen yon vòt serye anvan semèn nan bout.
Fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la pou w ka tande Depite Steven Benoît nan mikwo Chérubin Dorcil.