Accessibility links

Breaking News

Anseyan Ayisyen nan Boston, Eta Massachusetts, Kritike Vyolans Manifestasyon Revandikasyon yo Nan Pòtoprens


Manifestasyon revandikasyon pou reklame aplikasyon lwa salè minimum nan ap dewoule depi plizyè semèn nan vil Pòtoprens kote 2 prensipal branch pouvwa a (ekzekitif e lejislatif) kanpe yo chak sou bit pa li san bay okenn siy ke yo sou wout yon konpwomi.

Prezidan René Préval deja eksprime rezèv li kont ogmantasyon 300 pousan salè minimum jounalye kap travay nan peyi a ke palman an adopte e vle enpoze malgre objeksyon tou sektè prive a. Misye Préval pwopoze pou depite yo desann chif sa a a 150 goud olye 200 goud, men jis nan moman nap pare atik sa a sitiasyon an toujou nan yon enpas.

Enpas sa a (sèten ta di fas a fas) pa ede bese tansyon sosyal la kap monte depi deba sou ogmantasyon salè ouvriye yo ap dewoule nan peyi Dayiti. 2èm semèn mwa out la, wè mobilizasyon etidyan-ouvriye a pase yon vitès siperyè avèk vyolans nan manifestasyon yo e zak entimidasyon sèten manifestan t'al egzèse nan Pak endistriyèl la, nan antre nòwès kapital la, pou fòse ouvriye ki kontinye ap travay vinn pote-kole nan manifestasyon presyon an.

Pou evite repetisyon zak sa a, responsab Asosyasyon Endistri Ayiti yo, reklame prezans lapolis nan Pak endistriyèl la pou pwoteje anplwaye yo, men tou pou pwoteje byen yo e prezève sa ki rete kòm djòb nan peyi a ki deja ap fè fas non sèlman ak konpetisyon lòt nasyon nan karayib la, men tou ak kriz ekonomik mondyal la.

Klima vyolans sa a pa kite obsèvatè kap viv aletranje yo endiferan, pa ekzanp nan Boston, Eta Massachusetts, isit Ozetazini. Si obsèvatè yo konprann revandikasyon ouvriye ak etidyan yo e rekonèt dwa yo pou yo manifeste pasifikman, yo kritike zak vandalis laprès rapòte yo komèt nan jou ki pase yo, kote machinn leta fini nan sann dife lè se pa senpleman vit machinn ak vit kay moun pwotestatè kraze... san bliye dizèn entèpelasyon ak arestasyon lapolis fè nan kad ensidan yo.

Wilson Dubuisson, Korespondan nou nan Boston te chita-pale ak kèk pwofesè ayisyen kap anseye nan metwopòl Eta Massachusetts la. Yo di li kalte reyaksyon sa yo bay etidyan yo yon move imaj e zak yo poze yo ap nui imaj Ayiti ak imaj ayisyen kap viv andeyò peyi a.

Ale sou ralonj ki anwo e adwat atik sa a pou ou tande repòtaj Dubuisson an.

Yon lòt kote, nan vil Jérémie, nan Depatman Grand'Anse lan, rezidan yo pa konnen ki sen nan paradi pou yo lapriye devan aparisyon yon fenomèn banditism ki pa respektè lè pou l' frape... lajounen kou nan nuit, pa fè diferans, se menman parèyman. Pou plis prezisyon koute korespondans Luckner Laguerre la sou 2 ème ralonj la.





XS
SM
MD
LG