Accessibility links

Breaking News

Enstriksyon Tifi Yo Se Yon Obligasyon


Edike tifi yo genyen benefis ki ale pi lwen ke amelyore pwòp lavi medam yo. Lè jèn fi yo vinn granmoun, gen anpil lòt avantay enstriksyon yo pote, non sèlman pou yo menm, men tou pou kominote kote ya p' viv la.

Dapre Konsèy Relasyon Eksteryè a, salè yon fi nan peyi andevlopman yo pral anrejistre yon mwayèn 20 pousan ogmantasyon pou chak ane li te pase lekòl apre klas 4èm ak 3zyèm segondè. Estatistik yo montre, fi sa a gen plis chans pou'l pataje salè li avèk fanmi li (mari ak pitit li) e avèk kominote li ke'l pataje'l ak pwop frè li ki, san di petèt, pral kenbe li menm mwatye salè li, si se pa plis, pou pwòp tèt li. Chans pou fi ki genyen entriksyon trape virus VIH (ki bay maladi sida a) ba anpil e l' gen plis chans pou'l patisipe nan zafè politik lokalite li.

Pitit yon fi ki enstwi gen plis chans pou'l siviv e depase laj 5 kan, paske yon manman ki konn li plis ka deside ale nan yon sant sante ak pitit li e plis ka suiv rekòmandasyon yon doktè. San di pètèt, lap voye pitit li lekòl tou. Enstriksyon se mwayen pi efikas pou kraze sèk lamizè yon jenerasyon pase bay jenerasyon an, e entriksyon louvri chimen pou moun vire do bay lamizè.

Atravè Ajans Entènasyonal Pou Devlopman an (USAID, yon ajans amerikèn) Lèzetazini ap feraye di pou'l pèmèt plis ti afrikèn ale lekòl. Pwogram bouss "Anbassador's Grils la", ki fè pati inisyativ "Edikasyon Pou Afrik" prezidan an, ap travay pou'l lonje men bay tifi ki gen lespri san manman e san papa, sila ki andikape, san mwayen ekonomik ou ke maladi Sida touche yon fason oubyen yon lòt. Apati ane 2010, pwogram nan espere bay 550 mil bous nan nivo primè e segondè—espesyalman pou ti afrikèn yo.

Sekretè Deta Hillary Clinton ekri nan yon atik li pibliye nan jounal sid-afriken City Press: " Bay medam yo mwayen pou yo gen enstriksyon se kle pwogrè ak pwosperite. Se pa senpleman yon devwa moral, se yon devwa ekonomik tou. Lè medam yo kapab jwi dwa yo e benefisye chans egal ego nan domèn edikasyon, swen-sante ak nan domèn travay, yo kreye pwogrè sosyal e ekonomik. Lè yon sosyete mentni medam yo sou ban touch e maltrete yo, tankou sa ap fèt nan twòp peyi sou kontinan afriken an jounen jodi a, pwosperite enposib.

Voye tifi yo lekòl se yon gwo envestisman pou avni yo e pou avni kominote yo.

XS
SM
MD
LG