Accessibility links

Breaking News

Enpòtan Dispozitif Sekirite Nan Pak Endistriyèl la


Klima sosyal la te rete chaje vandredi nan kapital ayisyen nan, Pòtoprens, ak nan senti endistriyèl la, nan moman ekzekitif la ak palman toujou bloke sou pozisyon yo pou sa ki konsène antre an vigè lwa salè minimum nan ke 2 chanm palman an deja apwouve men ke prezidan René Préval refize siyen paske li krenn pou ogmantasyon 200 goud dokiman an fikse pou salè jounalye yo pa kreye plis chomaj e nwi ekonomi an ki deja ap fè fas ak anpil difikilte. (1)

Sou deman responsab sektè endistri asanblaj la, otorite yo deplwaye vandredi gwo fòs polis nan pak endistriyèl la, ki nan antre nò-ès kapital la. Desizyon sa a genyen pou wè ak zak entimidasyon yon seri eleman ta'l ekzèse sou ouvriye antrepriz ki te fè tantativ relouvri pòt yo apre manifestasyon vyolan lendi 10 out la.

Depi plizyè semèn pouvwa a ap fè fas ak presyon lari a kote etidyan inivèsite Deta Ayiti ak sèten fakilte prive ap manifeste pou ekzije aplikasyon lwa a. Apre yon ti kalmi vè fen mwa jiyè-koumansman out la, inivèsitè yo repran beton an pi rèd lendi pase jou yo boule omwen 2 veyikil leta sou wout yo.

Plizyè santèn ouvriye te pote-kole ak yo nan mouvman an nan jou apre yo pou mande gouvèman an satisfè revandikasyon yo, asavwa: aplikasyon lwa salè minimum nan.
Sèten te menm monte al bay presyon nan zòn pak endistriyèl la pou fòse ouvriye ki te kontinye al nan travay vinn manifeste avèk yo.

Devan klima kraponnay sa a, sektè sou-tretans la te deside li pi pridan pou l fèmen pòt li jiskaske sitiasyon an amelyore avèk tout konsekans sa genyen sou ouvriye yo e sou ekonomi a an jeneral.

Men, vandredi faktori yo te rekoumanse fonksyonen timidman apre responsab Asosyasyon endistri Dayiti yo (ADIH) te fè otorite yo konnen yo dwe gen sekirite si yo dwe redemare operasyon yo. Yon egzijans otorite ayisyen yo sanble vle satisfè avèk gwo deplwayaj ajan polis vandredi 14 out la nan Pak endistriyèl la.

Ann atandan, ouvriye jounalye nan endistri soutretans la kontinye ap touche 75 goud pa jou yo pandan manman ak papa pitit genyen kè sote anfas klima sosyal la kote ni palman ni ekzekitif la sanble pa kapab jwenn yon konpwomi, mwenske yon mwa anvan lekòl relouvri nan peyi Dayiti. Rantre a fikse pou 7 septanm.

Fè yon klik sou ralonj ki anwo e adwat atik la pou ou koute repòtaj Clarens Renois te prepare pou Lavwadlamerik vandredi apremidi.

(1) Prezidan Péval pwopoze 150 goud olye 200.

jbjacque@voanews.com

XS
SM
MD
LG