Accessibility links

Breaking News

Prezidan Barack Obama Remèt Meday Libète a Bay 16 Pèsonalite Ki Make Yon Fason Pozitif Sosyete a


Prezidan ameriken an, Barack Obama, desène mèkredi pi gwo distenksyon sivil peyi a (Meday Libète-a) bay 16 sitwayen pou kontribisyon ekstraòdinè yo pote nan nasyon an e nan lemond.

Nan yon diskou li pwononse nan Mezon Blanch lan mèkredi, misye Obama di “sitwayen sa yo se ekzanp yon vi “yo te byen mennen” e li dekri benefisyè yo kòm ajan chanjman.

Prezidan an di mesye ak medam nap onore jodi a te viv yon fason trè diferan, yo te anbrase karyè diferan, kòm pionye nan syans ak nan medsinn, yo se atis “plen talan ak atlèt obstak pa ka donte" yo kite anprent yo nan sal tribinal, sou kominote a, nan Kongrè-a…e sa ki ini yo se lide sa a: lavi nou, se sa nou vle li ye a."

Misye Obama di sitwayen li desène rekonpans sa a montre ke vrè tès la nan lavi yon moun se sa li fè pou zòt.

Chèf Mezon Blanch lan te prezante yo chak youn apre lòt e pataje istwa yo ak envite ki tap patisipe nan seremoni an anvan li te remèt yo Meday Libète a.

XS
SM
MD
LG