Accessibility links

Breaking News

12 Out 1949 -12 Out 2009: Konvansyon Jenèv yo Genyen 60 An


Jodi mèkredi 12 out la make 60èm anivèsè Konvansyon Jenèv yo, yon seri de 4 lwa sou pwoteksyon dwa sitwayen tout peyi.

Nan okazyon an, Komite Entènasyonal Kwa Wouj lanse apèl pou l mande yon aplikasyon pi elaji e pi total règleman ki reji dewoulman lagè, apèl li lanse pi presizeman bay lidè peyi yo ak gwoup ame kap goumen jounen jodiya atravè lemond.

Prezidan Komite Kwa Wouj Entènasyonnal la, Jacob Kellenberger, pale pou l di -nap site: “Mwen ta renmem di tou senpleman yon moun pa ta di laverite si l deklare vyolasyon règleman yo se règ jeneral la e aplikasyon yo se eksepsyon an."

”Misye Kellenberger kontinye pou l di li trè-trè zenpòtan pou responsab peyi yo pran dispozisyon pou yo mete fen nan aksyon fèt ekspre konbatan yo konn poze kote yo vize sivil, paske sivil yo ta swadizan pran (ou pa pran) pozisyon pou yon pati oubyen yon lòt. «Si w entèprete konsèp sa a yon fason twò elaji, wap wè gen twòp sivil konbatan yo vize kòm viktim lejitim. Konsa, si w vle ogmante pwoteksyon sivil yo le plis posib, li trè zenpotan pou w genyen yon definisyon klè e egzat pou sa ki rele «patisipasyon dirèk nan yon konfli.»

Misye Kellenbeger fini pa di li pa panse genyen yon bès nan respè pou dwa imanitè yo depi kreyasyon Konvansyon Jenèv yo sa genyen 60 tan jou pou jou jodi 12 out 2009 la.

Jdesmara@voanews.com

XS
SM
MD
LG