Dezyèm jounen manifestasyon nan Pòtoprens an favè salè minimum nan. Lapolis dispèse plizyè milye manifestan ak kout gaz lakriojèn. Korespondan nou, Clarens Renois, di nou otorite yo fè plizyè arestasyon.
Clarens Renois di nou tou, faktori yo te fèmen pòt yo jodi a.
Manifestasyon sa yo ap fèt nan moman Chanm Depite a ap pare pou l' vote demen mekredi a sou objeksyon Prezidan Préval yo konsènan lwa sou salè minimum nan. Se sa nou aprann nan yon ti koze Lavwadlamerik te fè ak Depite Cholzer Chancy, manm Komisyon Afè Sosyal nan Chanm Bas la.
Fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la pou w ka koute repòtaj sila a.