Accessibility links

Breaking News

Lidè Etazini, Kanada, ak Meksik Re-Afime Volonte Yo Pou Yo Kolabore Nan Plizyè Domèn


Nan vil Guadalajara, lidè 3 peyi nò-ameriken yo, Barack Obama (Etazini), Stephen Harper (Kanada) avèk Felipe Calderon (Meksik), fè yon somè yè lendi a, somè kote yo fè konnen yo gen volonte pou yo travay ansanm sou divès kalte pwoblèm rejyon yo a ap konfwonte.

Nan deklarasyon Prezidan Obama fè yè lendi a, li di li dispoze travay sou yon plan refòm nan system imigrasyon ameriken an, lè li va fin rezoud pwoblèm ki poze nan 2 lòt domèn: domèn swen sante a ak kriz ekonomik la. Daprè lidè ameriken an, 3 peyi yo genyen devan yo bon jan opòtinite, menm jan yo genyen defi pou yo leve ansanm.

Bò kote pa l', Premye-Minis kanadyen an, Stephen Harper, pale de travay 3 peyi yo kapab fè (e dwe fè) ansanm pou yo kontwole nenpòt ki eklatman maladi grip H1N1 an (kidonk, grip pòsin nan) ki te déjà poze pwoblèm nan Amerik di Nò a nan kòmansman ane a.

Misye Harper deklare: “Kowoperasyon ekselan ant 3 peyi nou yo te ekfikas nan travay nou te fè pou n ede moun nou yo jere premye eklatman maladi a, e nou pral kontinye efò an tèt-ansanm sa yo.

Sou menm dosye a (dosye grip posin nan), lidè peyi òganizatè Somè a, Prezidan meksiken an Felipe Calderon, pataje opinion misye Harper eksprime la a, pou l di Lèzetazini, Kanada ak pwop peyi pa l', Meksik, pral montre menm tip kowoperasyon pou yo fè fas ak tout nouvo pwoblèm ke virus H1N1 an te vin poze, nan moman espeyalis lasante prevwa li byen kapab reparèt ak plis fòs lè sezon grip la va rive pita ane sa a.

Si ou ta renmen koute repòtaj sa a ak deklarasyon 3 lidè yo, ale sou ralonj ki anwo, adwat paj la.

XS
SM
MD
LG