Jamayik/ Atletisme
Komisyon anti dopaj Jamayiken an fè konnen li prale an apèl kont desizyon komite ministè spò pran pou ranvèse suspansyon li te enpoze kont 5 atlèt peyi a ki ta teste pozitif pou dopaj nan okazyon chanpyona nasyonal atletik la.Komite a ministè spò a fè konnen pa gen ase prèv pou di 5 kourè yo koupab. 5 atlèt say o se Yohan Blake, Sheri ann Brooks, Allodin Fothergill, Langford Spence ak Marvin Anderson konsidere kòm 5 meyè atlèt peyi a.
Foutbòl / KONKAKAF
Mèkredi 12 Out la balon pral woule nan KONKAKAF la nan okazyon 2 zièm faz ekzagonal final koup du mond Afrik du Sud 2010. Plis pase 100 mil fanatik Meksiken déjà achte tikè pou asiste rankont Etazini kont Meksik nan stad Aztèk la ki situe a 2,200 mèt o desu nivo lanmè a. Honduras ap akeyi Kosta Rika nan San Pedro Sula epi Salvador ap fè yon kout pye nan Port of Spain kote li pral jwe kont Trinidad and Tobago.
Nan klasman jeneral la Kosta Rika ap domine group la ak 12 pwen devan Etazini ak 10 pwen. Answit nou jwen Onduras ki gen 7 pwen Meksik klase 4 trièm ak 6 pwen. Salvador, ki gen 5 pwen klase 5 kièm epi Trinidad and Tobago nan ke kamyonèt la ak 2 pwen. Pwochen rankont nan group sa a fikse pou 5 Septanb.
Klub foutbòl Brezilyen Botafogo revoke antrenè Ney Franco apre 2 defèt ki mete klub la anba klasman jeneral la.
Tennis
Ansyen numewo 1 tenis mondyal feminen bèlj Kim Clijsters ranpòte premye viktwa l apre plis pase 2 zan li te fè yon kanpe. Clijsters geri bosko l sou franse Marion Bartoli 6-4, 6-3 nan tounwa tenis Open Cincinnati a nan Ohio. Clijsters pral rankontre Swis Patty Schnyder ki kale Arjanten Gisela Dulko 6-4, 6-0. Tounwa Cincinnati a se youn pami tounwa tenis chofe jarèt avan tounwa tenis US Open nan ki se dènye tounwa tenis Gran Shelem pou ane a.