Dirijan Etazini, Kanada ak Meksik tanmen dimanch 9 out la nan vil Guadalajara, peyi Meksik, somè lidè peyi Amerik Di Nò yo.
Prezidan ameriken an, Barack Obama, premye minis Kanada a, Stephen Harper ak prezidan Meksik la, Felipe Calderon reyini nan Guadalajara pou yon somè kap dire 2 jou.
Lidè 3 nasyon yo sipoze diskite sou repriz ekonomik e sou vyolans ki makonnen ak katèl dwòg yo--vyolans kap vale teren pi plis chak jou.
Kanada se prensipal patnè komès Lèzetazini, e Meksik se patnè nimewo 3 li.
Tou 2 vwazen Lèzetazini yo kritike atik "achte ameriken" ki nan plan relans ekonomik 787 milya dola Washington adopte nan mwa fevriye 2009 la. Atik sa a egzije pou tout materyèl ki antre nan pwojè travo piblik atravè Etazini se pwodui ki fabrike nan peyi a, byenke Kongrè a pote kèk modifikasyon nan lwa a ki fè kèk eksepsyon.
Kanada ak Meksik di egzijans sa a nui biznis Lakay yo. Se posib tou pou Meksik chèche yon solisyon pou mezantant komèsyal li genyen ak Etazini konsènan chofè kamyon meksiken kap fè va e vyen ant tèritwa ameriken e meksiken an.
Etazini te vyole yon "clause" nan akò komès lib nò ameriken an (ALENA) apre li te anile yon pwogram ki pèmèt kèk konpayi transpò meksiken opere Ozetazini. Kòm reyaksyon, Meksik enpoze depi mwa mas ane sa a yon taks 2 milya 400 milyon dola sou machandiz ameriken yo.
Lòt kesyon ki ka figire sou kalandriye diskisyon somè a se: enèji pwòp ak viris A H1N1 grip pòsin nan ki te deklare e simaye nan debi ane a O Meksik e Ozetazini.