Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Denonse Zak Vyolans Politik Sou Jounalis ann Ayiti


Lèzetazuni mande gouvènman ayisyen an mennen ankèt sou menas ki kontinye ap fèt sou jounalis nan peyi a. Chargé d’affaires ameriken an nan Pòtoprens, Thomas Tighe, deklare : « Mounn kap fè entimidasyon ak vyolans politik sou jounalis pap kapab jwenn yon viza ameriken. » Diplomat la fè deklarasyon sa a nan yon seremoni byenveni jou ki te 6 out la an lonè nouvo radio Seven Stars, yon afilye sèvis kreyol Lavwadlamerik la nan vil Hinche (depatman Sant peyi a). Mesye Thighe di vyolans politik se yon zak kriminèl e li ankouraje lajistis ayisèn pou l' aji kont tout moun ki ta koupab de vyolans politik.

Chargé d’affaires la ajoute : « Lezetazini konsidere zak sa yo kòm zak kriminel. » li mande pou otorite yo trennen devan lajistis tout mounn ki ta koupab vyolans politik sou jounalis.Mesye Thighe di gouvènman ameriken an ap kontinye Enkouraje libète laprès ak libète lapawòl nan peyi a.

Deklarasyon sa yo fèt nan moman jounalis Sainlus Augustin kap travay pou Lavwadlamerik ak Radyo Kiskeya te oblije antre nan mawon aprè ti frè yon depite nan vil Maissade (Sant peyi a) menase pou touye l poutèt li tap fè entèvyou ak kèk viktim vyolans nan jounen eleksyon senatoryal pasyèl yo. Repòtè a di jiska prezan lajistis poko di anyen sou dosye a.

jleroy@voanews.com


XS
SM
MD
LG