Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Ameriken an, Hillary Clinton, ap Rapouswiv Yon Toune kap Mennen n nan 7 Peyi Afriken.


Sekretè Deta ameriken an, Hillary Clinton, di Lèzetazini ta renmen wè Kenya jwe yon wòl lidèchip nan 21èm. syèk la; men chèf diplomasi amerikèn nan ensiste pou l di sa depann de volonte Kenya. Sekretè Deta a pale konsa nan yon rankont nan Nayewobi pandan li rive sou 2èm. jounen yon virewon l ap fè nan 7 peyi afriken. Madam Clinton repete yon deklarasyon prezidan Barack Obama te fè pandan yon vwayaj nan peyi Gana nan mwa Jiyè pase a, kote li te di : <<Avni Kenya depann de Kenya.>> Byen bonè jodi jedi a Sekretè Deta a depoze yon jèb flè devan yon moniman pou onore viktim atak al-Qaida te lanse nan ane 1988 sou anbasad amerikèn nan Kenya ak Tanzani. Demen vandredi a pral make 11zyèm anivèsè atak sa a. Madam Clinton di –nap site : “Se yon okazyon pou n repete angajman ak dispozisyon nou pou n garanti keplis inosan pa pèdi lavi yo nan kalte atak konsa nan lavni.”

Yè mèkredi 5 out la, Sekretè Deta a te bay lidè afriken yo konsèy pou yo fè pwomosyon pou bòn gouvènans e eseye desitire nan peyi yo koripsyon ak kriminalite ki, dapre li, anpeche kontinan afriken an fè pwogrè ekonomik. Madan Clinton te lanse apèl sa a nan ouvèti yon fowòm komèsyal ki te rasanble nan kapital Kenya a repezantan anviwon 40 peyi afriken ki gen kondisyon privilejye pou yo antre sou mache ameriken an. Pi gwo diplomat Lèzetazini an te di-nap site : “Si Lafrik vle fè pwogrè ekonomik tout bon vre, gouvènman peyi ki sou kontinan an dwe rejte koripsyon, aplike yon sistèm ki respekte eta-de-dwa e fè tout efò posib pou yo pote rezilta pozitif pou pèp la.” Nan yon mesaj prezidan Barack Obama te anrejistre davans sou kasèt videyo e ki pase nan fowom nan, li di “tout peyi (afriken) kap travay pou yon avni ki pote lespwa e chans pwogrè, gen dwa konsidere Lèzétazini kòm zanmi e alye yo.”

Pami aktivite ki sou pwogram Sekretè Deta a pou Jodi jedi a nan Nayewobi, gen yon rankont avèk prezidan peyi Somali a, Sheikh Sharif Sheikh Ahmed. Madam Clinton anonse li pral abòde dispozisyon kominote entènasyonal la kapab pran pou l apiye efò lidè somalyen an ap fè pou l kore baz gouvènman n nan. Aprè Kenya, virewon afriken sa a gen pou mennen Sekretè Deta a nan Afrik Di Sid, Angola, Repiblik Demokratik Kongo, Nijerya, Liberya avèk Kap Vè. Se vwayaj ki pi long Madam Clinton ap fè aletranje depi li te monte nan pòs chèf diplomasi amerikèn nan.

Jdesmara@VOANEWS.com

XS
SM
MD
LG