Accessibility links

Breaking News

DC United Kalifye pou Pwochen Tou Lig Chanpyon an


Foutbòl/KONKAKAF

Ekip vil Washington, nan, DC United kalifye pou pwochen faz lig chanpyon KONKAKAF la, apre yon viktwa supriz 5 a 4 sou tir de penalite li ranpòte an deplasman sou klub Salvadoryen Luis Angel Firpo. Match la te fini a egalite 1 a 1 apre pwolongasyon.

Nan lòt rankont ki dewoule toujou nan kad aktivite KONKAKAF_la: klub Meksiken Pachuca pase yon bèl katon bay klub Gwatemaltèk Ja-la-pa, ke li savonnen sou yon skò san zapèl: 7 a 1 pou l pase nan pwochen tou-a. Puerto Riko Islanders jwenn tikè l tou gras ak gòl diferans apre yon match nul 0 a 0 li fè avèk klub Kanadyen ---Toronto Foutbòl Klub. Nan match ale a, 2 ekip sa-yo te fè match nul: 1 a 1.

Konpetisyon an ap rapousib jodi a;e sou pwogram nan, nou jwenn klub Meksiken Cruz Azul pral rankontre ak klub Kosta Riken Here-diano epi New York Red Bulls, pral woule balon, nan New York,avèk klub Trinidadyen : W. Connection.

FIFA/ Foutbòl

Toujou nan football: Pa gen gwo chanjman nan klas FIFA publiye jodi a pou 10 premye seleksyon foutbòl-yo nan nivo mondyal la. Brezil toujou nan tèt ploton an, devan LEspay, la Oland,L Almay ak Itali ; sa ban nou 5 premye seleksyon nasyonal-yo nan lemond. Answit nou jwen la Rusi (an 6 zièm pozisyon), Angletè (7èm), Arjantin (8èm), la Frans (9èm) epi La Kwoasi, ki vinn konplete lis 10 premye seleksyon nayonal pou foutbòl mondyal la.

Lèzetazini klase numewo 12 apre rakle 5 a 0 li sot pran nan men Meksik pandan dewoulman koup Dò KONKAKAF la. Meksik klase 30 tièm e Kanada klase 66 zièm (pou n finn prezante w tablo a pou ekip nasyonal-yo nan Amerik du Nò-a).

Nan Karayib la, La Jamayik klase 69 vièm devan Trinidad e Tobago ki klase 70 zièm. Kuba klase 88 tièm. Barbad klase 106 zièm. epi Ayiti klase 115 zièm ekip nan lemond.

Tennis

Nan tounwa tenis Legg Mason nan ---kap dewoule isit Washington-- Alman Benjamin Becker surviv 3 tie-break pou l kale ameriken Robby Gi-ne-pri: 7-6, 6-7, 7-6 ; misye Becker pral rankontre nan 2 zièm tou a ak ameriken Andy Roddick ki se tèt de seri nimewo 1 tounwa a.

Lòt kalifye pou 2 zièm tou a: se alman Rainer Schuett-ler ki pat gen anpil difikilte pou l kale arjanten Leonardo Mayer: 6-1, 3-6, 7-6.

Nan Tennis feminen: Rus Vera Zvo-na-re-va te lite anpil avan li kale chinwaz Peng Shuai pou l kalifye nan 3 zièm tou tounwa tenis feminen Los Anjeles la, nan eta Kalifòni. Rezilta-a se: 3-6, 6-3, 7-6 an favè Rus la.

XS
SM
MD
LG