Accessibility links

Breaking News

Sipò Pou Pèp Somalyen an


Gouvènman Federal Tranzisyon Somali a kontinye ap sibi gwo presyon anba men militan ekstremis yo, k’ap plede lanse atak prèske chak jou nan kapital la, Mogadishu, ak lòt zòn atravè peyi a. Kèk gwo responsab ameriken ap revize estrateji nasyon an genyen pou jwenn yon solisyon global pou kriz k’ap pèsiste lòt-bò a, epi ofri Gouvènman Federal Tranzisyon Somali a apui ak èd imanitè.

Pou souliyen angajman sa a, Sekretè Deta Hillary Clinton pral rankontre prezidan Gouvènman Federal Tranzisyon an, Sheikh Sharif Ahmed, pandan vizit madan Clinton nan peyi Kenya, pou Forum Koperasyon Ekonomik ak Kwasans ant Etazini ak Afrik ki anba Sahara a. Yo ta dwe koze sou sitiyasyon an nan Somali ak kèk estrateji pou elimine menas ekstremis yo, angajman Etazini pran pou li reponn devan pwoblèm imanitè grav ki poze la a, epi apui san fay Lèzetazini pou Gouvènman Federal Tranzisyon an, Misyon Inyon Afrik la nan Somali (AMISOM) ak efò entènasyonal ki sou pye pou mete stabilite nan Somali.

Sekretè Deta a pral vizite 7 nasyon afriken nan 5 jou—Afrik di Sid, Angola, Kap Vè, Nijerya, Liberya, Kenya ak Repiblik Demokratik Congo—yon vwayaj ki rive apre vizit ak gwo diskou Prezidan Barack Obama te fè nan Ghana nan mwa jiyè a. Tou 2 lidè yo pran angajman pou yo bay Lafrik priyorite nan politik amerikèn nan. Vrèman vre, Etazini angaje a fon nan divès domèn, li tabli patenarya ak gouvènman yo, sektè prive, ONG, ak sitwayen prive, pou konstwi sosyete kote chak kretyen-vivan kapab reyalize sa l’swete, selon kapasite li.

XS
SM
MD
LG