Accessibility links

Breaking News

Prezidan Kore Di Nò a, Kim Jong Il, Padone e Libere 2 Jounalis Amerikèn Pyongyang te Kondane a 12 zan Travo Fòse


2 jounalis amerikèn yo kounye a nan avyon pou yo retounen Ozetazini apre liberasyon yo nan sant detansyon kote yo te fèmen nan Kore Di Nò a.

Yo genyen avèk yo ansyen prezidan Etazini Bill Clinton ki te negosye liberasyon yo.

Yon pòtpawòl Mr. Clinton di ansyen prezidan an, ak jounalis Laura Ling and Euna Lee, sou wout pou yo rantre Los Angeles, Eta California.

Medya kote konsè yo ap travay la, Current Media, fè konnen medam yo sipoze rive Ozetazini mèkredi 5 Out la.

Madi, Kore Di Nò anonse li padone Ling ak Lee apre Mr. Clinton te rankontre ak lidè nò-koreyen an, Kim Jong Il.

Padon ak liberasyon sa a, tonbe nan moman ansyen prezidan Bill Clinton tap fè yon vizit ki pat anonse davans nan kapital nò-koreyèn nan, Pyongyang.

Foto medya Leta nan Kore Di Nò pibliye montre ansyen prezidan ameriken an kanpe ak lidè nò-koreyen an, Kim Jong Il, e ap patisipe nan yon chita tande bò tab ak misye Kim e ak kèk lòt ofisyèl.

Pyongyang te kondane jounalis yo a 12 zan travo fòse poutèt swadizan yo te antre ilegalman nan peyi a e komèt sa otorite nò-koreyen yo rele "zak ostil grav" kont Kore Di Nò.

Sòlda nò-koreyen te fè dap-piyan sou Laura Ling ak Euna Lee nan fen mwa mas 2009 sou fwontyè sino-nò-koreyen an.

XS
SM
MD
LG