Accessibility links

Breaking News

Kantite Moun ki Trape  Viris A (H1N1) an Kontinye Ogmante ann Ayiti.


Ministè Sante Piblik peyi d Ayiti konfime jodi a yon nouvo ka grip pòsin nan Pòtoprens. Direktè Jeneral ministè a, Doktè Gabriel Thimothée, di Lavwadlamerik se senkyèm ka yo anrejistre nan rejyon metwopolitèn nan. Mwa pase a, Misyon Stabilizasyon L’ONU an Ayiti, MINUSTAH, te konfime 2 ka nan kontenjan chilyen an. Jiskaprezan se 3 ayisyen laboratwa ministè a idantifye ki pran viris A(H1N1) an.

Dr. Timothée fè konnen Ministè Sante Piblik kontinye ranfòse dispozitif li yo nan 10 depatman jeografik yo, ogmante siveyans nan pò ak ayewopò yo. Direktè MSPP a deklare : «Nou gen plis mwayen pou n’ suiv evolisyon epidemi an gras ak bon jan ekipman ki pèmèt nou fè tès depistaj yo rapidman san nou pa bezwen voye prelèvman yo nan Sant Kontwòl Maladi (CDC) Ozetazini. »

Doktè Timothée ajoute, Ministè Sante Piblik benefisye konkou peyi Meksik ak kominote entènasyonal la ki ede li jwenn medikaman Tamiflu a. MSPP gen yon stòk 31,500 dòz Tamiflu pou konbat grip pòsin nan.

Pou kounye a, Ministè Sante Piblik ensiste sou mezi ijyèn popilasyon an dwe pran pou evite grip pòsin nan. MSPP ap tann rezilta definitif tès depistaj yo avan li fonfime yon senkyèm ka viris A (H1N1) an li sispèk ki egziste nan Depatman Latibonit (anviwon 150 kilomèt distans ak kapital la).

jleroy@voanews.com

klike anlè e adwat paj web la pou koute entèvyou Lavwadlamerik la avek doktè Gabriel Thimothée.

XS
SM
MD
LG