Accessibility links

Breaking News

Koalisyon Palmantè Pwogresis nan Chanm Depite a Poko Rive Jwenn Yon Antant Sou Pwopozisyon-Lwa Sou Salè Minimòm nan


Koalisyon Palmantè Pwogresis yo (CPP) pa rive antann yo jodi a sou oryantasyon vòt blòk sa a konsènan pwopozisyon-lwa ogmantasyon salè minimum nan. Se deklarasyon depite Jean Marcel Luméran te fè nan mikwo Lavwad'lamerik jedi apre midi, anvan vòt reprezantan pèp la ta pral fè sou dokiman an. Sepandan depite Cholzer Chancy, youn nan lejislatè ki te patisipe nan elaborasyon pwopozisyon-lwa a di Komisyon an avanse kèk pwopozisyon ki nan enterè tout sektè.

Yon lòt kote nan Gonayiv, Korespondan nou Alfred Jean anonse otorite yo relouvri plizyè pon ki te kraze pandan 4 tanpèt twopikal ane 2008 la---pon ki te konekte diferan sektè nan Site Endepandans lan.

Jean di nou, se ak asistans finansye gouvènman ameriken rekonstruksyon pon sa yo te posib.

ou ka koute devlopman tèm sa a sou ralonj ki anwo, adwat paj wb la.

XS
SM
MD
LG