Nan Iran, 2 lidè refòmis, Mir Hossein Moussavi avèk Mahdi Karroubi, ap planifye pou yo asiste yon seremoni an memwa manifestan ki te mouri pandan yo tap pwoteste pou denonse sa yo konsidere kòm rezilta trike eleksyon ki bay prezidan Mahmoud Ahmadinejad yon lòt manda sou pouvwa a. Daprè yon nòt ki parèt sou sit-entènèt 2 lidè yo (ki se 2 kandida malere nan dènye eleksyon prezidansyèl yo), yo pral rann viktim yo yon omaj nan simityè Beheseth-E-zahra nan Teheran Jodi jedi a. Laprès peyi a te rapòte lanmò plizyè manifestan nan mouvman pwotestasyon ki te dewoule aprè vòt 12 jen pase a.
Reyaksyon sou dosye sa a:
Isit Washington, Sekretè-Deta Hillary Clinton deklare li regrèt abi laprès di otorite iranyen yo te komèt sou manifestan yo aprè lapolis te fin arete yo. Chèf diplomasi amerikèn nan pale konsa yè mèkredi a pandan li tap bay yon konferans pou laprès avèk kölèg britanik li, David Miliband, ki tap rann li yon vizit nan Depatman Deta a. Madam Clinton di –n ap site:
« Nou regrèt sa. Nou panseli ekstrèmman ijan pou otorite iranyen yo libere prizonye politik yo, trete yo kòm-il-fo e yon fason ki imen. Sa ba moun yon ide de ki tip rejim ou genyen nan Iran: paske yo kontinye kenbe moun nan prizon san rezon, yo kontinye kòmèt abi sou prizonye politik yo; san di pètèt, sa montre w sitiyasyon politik la nan Iran poko jwenn yon solisyon. »
Misye Miliband, bote kote pa l, fè konnen menmsi Lèzetazini ak Lagrand Bretay pran prekosyon pou yo pa entèveni nan pwosesis elektoral la nan Iran --de kwa pou otorite yo pa di yap apiye opozisyon refòmis la-- Iran gen responsablite pou l respekte prensip inivèsèl dwa zimen yo ; e pami prensip sa yo genyen pwoteksyon pou prizonye yo. Nap site misye Miliband ki rezime pozisyon gouvènman britanik la sou sitiyasyon politik la nan peyi Iran konsa:
«Nap tann pou n gen plis detay sou swadizan abi yo. Men, apwòch nou tou lè 2 sè ke, san pè ni patipri, nou fèt pou n denonse abi dwazimen kèlkeswa kote moun komèt yo.»
Misye Miliband pale konsa nan yon konferans-pou-laprès li bay yè mèkredi a isit Washington, ansanm avèk Secretè-Deta Hillary Clinton.
Jdesmara@voanews.com