Accessibility links

Breaking News

Yon Najè Alman Kapote Ameriken Michael Phelps


Natasyon/ Koup du Mond

Nan mondyal Natasyon-an kap dewoule nan vil Wom ann Itali , najè-yo gentan bat 11 rekò. Pandansetan genyen anpil sansasyon nan konpetisyon-an ak alman Paul Biederman, revelasyon konpetisyon-an ki fenk sot bat yon rekò e ki kale Michael Phelps nan final 200 mèt naj lib la. Rus Izotòf fini an 3e dèyè Phelps ki pa janm pèdu nan yon gwo tounwa entènasyonal depi 2005.

Tenis

Defi mileniòm-nan : nou nan tenis : tankou an l’an 2000, lè Marat Safin te kale Pete Sampras pou-l ranpòte premye Gran Chelem-ni, en rus-la refè menm bagay-la nan Los Angeles kote li kale Pete nan yon tounwa egzibisyon. Konsa Safin ki pral pran retrèt-li , ranpòte defi milenyòm-nan.

Tenis o feminen : Nan tounwa Bank of West Classic-la kap dewoule nan Stanford , Kalifòni , tèt de seri numewo 3 konpetisyon rus Elena Dementieva kalifye pou 2e tou apre vikltwa-l sou britanik Anne Keothavong an 2 sèt :6-1, 6-4.Rus Maria Sharapova, kale japonèz Ai Sugiyama, an, 2 sèt 1 :6-4, 6-7 6-1. Nan lòt rankont , rus Nadia Petrova(5) elimine amerikèn Bethanie Mattek-Sands an 3 sèt : 6-3, 3-6, 6-3. Kalifikasyon tou pou polonèz Agnieszka Radwanska .Serena ak Venus Williams prezan nan konpetisyon sa-a . Yo respektivman tèt de seri numewo 1 e 2.

Foutbòl/ Transfè

Nan rubrik transfè a: brezilyen Emerson , 33 zan kite Milan Ac pou-l retounen lakay-li o Brezil kote li pral jwe nan Santos. Emerson te jwe nan yon seri gwo klub ewòpeyen tankou : Bayer Leverkusen, AS Rom, Jouventous de Turin ,Real Madrid ak Milan AC.

*Tankou sa te anonse Didier Deschamp ak lòt responsab Olempik marsèy-yo prezante bay piblik la 2 nouvelles akizisyon-yo an palan de Fernando Morientes ak Fabrice Abriel.

* Nouvo atakan FC Barselòn nan suedwa Zlatan Ibrahimovic ,subi ak suksè yon operasyon pou yon fraktu li te sibi nan men goch e lap pase 3 semèn an deyò teren an , selon yon not klub-la pibliye. Operasyon sa-a pap anpeche-l fè vwayaj-la ak ekip-la ki pral fè yon toune Ozetazuni. Barselòn gen pou l rankontre Los Anjeles Galaksi Samdi swa. 70 mil fanatik déjà achte tikè yo pou rankont la.

Foutbòl/ Blatter/Obama

Prezidan FIFA-a , Sepp Blatter ki te prezan nan okazyon final Koup Dò Konkakakf-la , te rankontre lendi 27 Juyè ak prezidan ameriken-an Barack Obama. 2 Mesye-yo te diskute sou kandidatu Etazyuni pou-l ta òganize Mondyal 2018 ou 2022-a ak fason pou foutbòl-la pran plis pye sou teritwa ameriken-an . Etazuni twouve-l pami 11 peyi ki ofisyèlamn poze kandidatu-yo pou yo òganize mondyal 2018 ou 2022.

Mesye Blatter te ofri msye Obama balon final Koup Kondeferasyon-yo kote Brezil te kale Etazuni 3-2 aloske onz ameriken-an tap men-nen 2-0 nan premye mitan.

Foutbòl/ MLS

Dirijan Lig Foutbòl ameriken-an (MLS) chwazi vil Houston Eta Tegzas pou akeyi All-star game 2010-la. Komisyonè MLS-la Don Garber fè anons-la yè lendi-a

Takeshi Okada ap kontinye antrene seleksyon nasyonal foutbòl Japonè a juskan 2010 dapre anons prezidan federasyon foutbòl Japonè a Motoaki Inukai fè jodi a. Japon déjà gen tikè l pou faz final koup du mond Afrik du Sud 2010 la.

XS
SM
MD
LG