Accessibility links

Breaking News

Trajedi Bò Kòt Zile Turks & Caicos:Yon bato koule ak Plizyè Imigran Ayisyen. Omwen 15 Mò e 79 Moun Pa Reponn Alapèl.


Gad-Kòt Lèzetazini ak otorite Turks & Caicos ap chèche omwen 79 imigran ayisyen ki pa reponn alapèl apre batiman ki tap transpòte yo a koule lendi 27 jiyè a nan dlo lanmè tèritwa britanik la. Otorite amerikèn yo di batiman an te genyen apeprè 200 moun abò l' lè li koule lendi, apre'l t'al monte sou resif.

15 moun pou pi piti pèdi lavi yo nan nofraj la e sekouris mennen sou lagrann'tè 118 reskape. Yon elikoptè transpòte sila ki blese yo nan Providenciales, sou la grann'tè, pou yo resevwa swen, tandiske genyen zòt ki an "rétention"--sètadi, otorite lokal yo kenbe yo sou siveyans an' atandan yo retounen yo nan peyi Dayiti, si toutfwa ya'p depòte yo.

Gad-kòt ameriken di ofiramezi tan ap pase, chans pou jwenn sivivan aksidan an ap vinn pi mens. Men yon gwo responsab presize pou Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la "otorite yo pa di yo pral sispann operasyon rechèch yo nan pwochèn zè yo".

Ase, souvan imigran ayisyen ap pran lanmè nan ti bato po pistach chaje "kou legba" pou yo kite peyi yo, Ayiti, nasyon pi pòv nan emisfè oksidantal la. Anpil nan yo ap chèche yon lavi miyò nan zile karibeyen yo ou Ozetazini.

NB: Klike anlè e adwat paj wèb la pou koute dènye reaksyon yo sou trajedi sa a.

XS
SM
MD
LG