Accessibility links

Breaking News

Akò Seselfe Ant Gouvènman Afganistan an Ak Rebel Taliban Lokal yo


Gouvènman Afganistan an fè konnen li siyen premye akò seselfe li avèk rebèl Taliban lokal yo. 2 kan yo siyen akò sa a nan pwovens Badghis, yon pwovens ki sitiye byen lwen nan pati nòdwès Afganistan.Trèv sa a antre nan kad efò pou ranfòse sekirite sou teritwa afgan an anvan eleksyon prezidansyèl ki pral dewoule nan dat 20 out pwochen nan peyi a. Yon pòtpawòl prezidan Hamid Karzai fè konnen gouvènman an siyen trèv la ak rebèl lokal yo samdi ki sot pase a, apre yon negosyasyon ki te fèt ant lidè tribal ak lidè Taliban yo.Dapre akò sa a, kandida prezidansyèl yo pral kapab mete buwo yo nan kèk zòn san ke militan Taliban pa atake yo.

Grann Bretay bò kote pa l’ bat bravo deske gwo operasyon li te lanse kont rebèl Taliban nan pati sud Afganistan an rive nan bout li, e responsab britanik yo konsidere premye faz ofansiv “ Grif Pantè yo a ” kòm yon siksè. Premye minis Gordon Brown di fòs britanik yo te deplwaye yon efò ewoyik nan pwovens Helmand. Bilan lanmò-a te monte 17 wotè pami fòs britanik yo depi kòmasnan operasyon militè yo te lanse nan fen mwa jen pase a nan Afganistan. Yon ti tan apre kòmantè premye minis Gordon Brown yo, ministè defans Grann Breatay la anonse lanmò 2 sòlda ki peri nan 2 atak separe nan pwovens Helmand.

jleroy@voanew.com
XS
SM
MD
LG