Foutbòl/ KONKAKAF
Etazini ap rankontre Meksik nan final Koup dò KONKAKAF la apre viktwa yo ranpòte nan semi final konpetisyon an Jedi swa nan Chikago. Ameriken yo pat rankontre difikilte pou kale Honduras 2 a 0 gras ak gòl Clarens Goodson ak Kenny Cooper make.
Meksik kalifye pou final la apre li kale Kosta Rika sou tir de penalite 5 a 3 Rezilta a te nul 1 a 1 menm apre pwolongasyon. Sa fè Etazini 3 zièm final lap patisipe youn apre lòt. Meksik ranpòte konpetisyon an 5 fwa. Final la ap jwe nan Giant Stadium nan New York/ New Jersey Dimanch 26 Juyè. Yon final lojik ant 2 pwisans foutbòl nan rejyon an.
Final Dimanch la se yon avan gou pwochen match kalifikatif koup du mond ant Etazini ak Meksik an Out pwochen lè Meksik ap akeyi Etazini nan stad Aztèk la nan Meksiko Siti.
Foutbòl / Eto'o
Feyton Samuel Eto’o ak Barselòn sanble rive nan fen-l avèk anons ki di kamerounè ap pare pou siyen yon kontra ak Inter de Milan. Eto’o gen pou rive nan Milan lendi ou madi pou yon kontra 5 kan kote jwè-a ap touche ant 10 milyon a 10 milyon 500 mil ewo chak sezon. Men genyon kesyon de prim pou jwè-a ke BARSELON DWE BALE »
Foutbòl/ Arjantin
Nouvèl ki soti ann Arjantinn fè konnen Federasyon Foutbòl ajanten-an chanje stad kote match elimnatwa Mondyal 2010 kont Brezil-la ta pral dewoule. Rankont-la te gen pou-l te dewoule nan Buenozèr , men diriajn-yo voye-l nan Rosario apre antrenè-a Diego Maradona te plenyen pou eta Stad Monumantal. Fifa te bay Ajantin otorizasyon pou rankont-la al jwe nan yon lòt stad. Ajantinn twouve-l an 4e pozisyon , dènye plas kalifikatif otomatik pou Amerik du Sud-la . Lòt 3 peyi ki anvan Arjantinn-yo se Brezil numewo 1 , Chili e Paragwe ki respektivman 2è e 3è
Tennis
Tenis ann Almay . Rus Nikolay Davydenko ( 2) kale fransè Jeremy Chardy an 2 sèt 6-3, 6-3 pou-l kalifye pou kar de final Open Hambourg-la. Nan kar de final Davidenko ap rankontre ak woumen Victor Hanescu, ki li-menm elimine yon lòt fransè Julien Benneteau an 3 sèt (3-6, 6-3, 6-3). Paul-Henri Mathieu, moun peyi Lafrans tou , kale alman Daniel Brands an 2 sèt : 7-5, 7-5. Mathieu pral jwe kont sèb Viktor Troicki ki te mete deyò espayòl Garcia-Lopez an 3 sèt .
Cyclisme/ Armstrong
Siklis ameriken Lance Armstrong anonse li pral fòme yon nouvo ekip siklis avèk patwonaj konpayi elektwonik Radio Shack. Armstrong fè anons-la jedi 23 Juyè a . Li deklare, li espere Radio Shack pral ede fondansyon-lan nan lut kont kansè-a. Armstrong , 37 tan ki ranpòte Tour de Frans-la 7 fwa se yon survivan kansè . Li an 3è pozisyon nan Tour de Frans-la dèyè Alberto Contador—mayo jon-nan e luks-sanboujwa Andy Schleck