Accessibility links

Breaking News

Pwogram Lib Tribin VOA sou Maladi Dyabèt


Spesyalis nan zafè dyabèt fè konnen yon mounn kapab fè suk akoz sa l manje e akoz jan li mennen kò li, e li kapab predispoze tou pou l atrape maladi dyabèt la akoz paran l ki genyen maladi a. Doktè Odler Jean-Louis, k'ap travay nan eta New Jersey ozetazini, deklare genyen siy ki kapab anonse si yon mounn kouri risk pou l fè suk.

2 lòt medsen reponn kesyon oditè n yo sou maladi dyabèt. Pami entèvenan yo genyen doktè Yves Renaud nan Miami eta Florid e doktè Eddy Jean-Baptiste ki se yon dyabetològ e younn nan aksyonè nan yon nouvo lopital nan Pòtoprens ann Ayiti e ki rele Centre de Diagnostique et de Traitement Intégré (CDTI).

Klike sou lyen ki anlè e adwat atik la pou w koute pwogram Lib Tribin sila a.

XS
SM
MD
LG