Accessibility links

Breaking News

DC United an Final Koup US Open nan


Foutbòl/ Open Etazini

DC United kale Rochester Rhinos 2 a 1 pou l kalifye nan final koup US Open nan. DC United ap rankontre Seattle Sounders ki elimine Houston Dinamo 2 a 1. Final la fikse pou 2 Septanb nan Washington DC.

Chelsea defeats Inter Milan at Rose Bowl Madi 21 Jiyè swa nan kad yon tounwa egzibisyon ( Defi Foutbòl mondyal), nan Rose Bowl Pasadena-a nan Kalifòni , Didier Drogba and Frank Lampard make yo chak yon gòl pou ede Tchelsi ranpòte la viktwa sou Inter de Milan 2-0 .

Yon ti koudèy nan mache transfè-a : Malgre 3 gwo akizisyon Cristiano Ronaldo, Kaka , et

Karim Benzema , zyeu dirijan Real madrid kontinue ap gade tou-pa-tou . Selon yon enfòmasyon ki soti nan yon jounal espayòl , Real ta siyen yon kontra pou 5 milyon ewo ak defansè Esteban Granero ki tap jwe nan Getafe. Prezidan madrilèn Florentino Perez gen zyeu sou Santi Cazorla, men Villareal mande anviwon 20 milyon dola . Lòt jwè ki entese dirijan madrlèn-yo se yon lòt defansè an palan de ajanten Nicolas Otamendi , 21 nan kap jwe nan Velez Sarsfield.

FIFA/ Kot Divwar

FIFA frape federasyon foutbòl Kot Divwar la yon amand 46,800 dola apre 22 fanatik te pèdu la vi yo ak 130 lòt blese pandan yon match kalifikatif koup du mond pandan mwa Mas la. FIFA mande federasyon an pou l limite kantite moun kap vinn asiste match nan stad Felix Houphouet-Boigny a a 22 mil olye de 34 mil.

Kot Divwar gen pou akeyi Bukina Faso 5 Septanb nan Stad Felix Houphouet Boigny ki gen yon kapasite de 34 mil plas men se sèlman 20 mil fanatik kap kapab asiste rankont la.

Atletisme/ Dopaj

Tribinal Abitraj Spòtif la an Swis pwolonje entèdiksyon pou dopaj sou 7 atlèt Rus ki te fè koken nan urin yo pou te kapab pase yon tès anti dròg. Tribinal la kore demand Federasyon Atletis Amatè a te fè pou pwolonje suspansyn an yon fason pou anpeche oken nan atlèt sa yo pa patisipe nan pwochen chanpyona du mond Atletis ki gen pou dewoule nan vil Bèlen an Almay. Atlèt sa yo pap kapab patisipe nan oken konpetisyon entènasyonal jusko 30 Avril 2011

Baskètbòl/ Etazini

Vedèt Baskètbòl chinwa Yahoo Ming subi yon operasyon yè Madi pou l repare yon zo ki te kase nan pye goch li., Yao ki toujou lopital, kapab rate sezon 2009 la men kapab pare pou sezon 2010.

Federasyon Baskètball ameriken an rekondui nan pòs li Mike Krzyzewski pou 2 zan soti 2010-2012. Antrenè a pral ede ameriken yo nan koup du mond Basketball a kepi chache kalifye pou je zolenpik Lond 2012 yo.

"Je serai un Laker pour le reste de ma carrière. Je ne m'imagine pas jouer ailleurs".. Lors d'un point presse à Singapour,Kobe Bryant n'a pas laissé plané l'ombre d'un doute sur son avenir dans la cité des Anges. Celui qui vient de remporter une quatrième bague de champion NBA compte bien passer l'intégralité de sa carrière sous le maillot de la prestigieuse franchise californienne.

Cyclisme / TOUR DE FRANCE

Kous bisiklèt Tour de Frans rive jodi-a nan 17 tièm etap-la ak viktwa Luksanbourjwa Frank Schleck, yon etap dans les Alpes ki pral difisil. Li mezure 169 Km-5. Espayòl Alberto Contador toujou gen mayo jon-nan sou do l sk yon gwo maj. Ameriken Lance Armstrong desann an 4 trièm pozisyon ak 4 minit dèyè Contador. Tour de Frans-la ap fini dimanch 26 juyè nan vil Paris.

XS
SM
MD
LG