Accessibility links

Breaking News

Prezidan KEP a, Gérard Verret, Voye Jete Akizasyon Fwod Nimewo De KEP la, Rodel Pierre


Vis-prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a, Rodol Pierre, akize prezidan KEP a, Frantz Gérard Verret, deske li ta fè kout "kreyon kwochi" ak rezilta Biwo Kontansye Nasyonal pou Rejyon Sid la.

Nan yon entèviou li bay jounalis Sèvis Kreyòl la, Jean-Pierre Leroy, misye Verret di li deplore deske vis-prezidan Pierre pa chwazi kanal nòmal la ni mande konvokasyon KEP a pou'l eksprime "pozisyon li anvan li lage diskredi sou Konsèy Elektoral Pwovizwa a."

Nou ka koute deklarasyon misye Verret sou sijè a sou ralonj ki mache ak atik sa a.

Yon lòt kote, sou dosye ogmantasyon salè minimòm la kap pase a 200 goud, depite Cholzer Chancy di Lavwad'lamerik Komisyon Afè Sosyal Chanm Depite a pa jwenn kontradiksyon ni dezakò ant liv kontab konpayi soutretans yo genyen lakay yo ak done Leta genyen nan biwo Direksyon Jeneral Enpo (DGI). Misye Chancy di ogmantasyon a 200 goud la ka reprezante yon chay lou pou antrepriz sa yo.

Sèvis Meteowoloji Nasyonal Ayiti dekrete alèt jòn pou kèk rejyon peyi a. Ronald Semelfort, se direktè Sant lan ap eksplike ki sa alèt jòn nan vle di e pouki li lanse avi sa a nan mikwo Lavwadlamerik.

NB:Nou ka koute twa pwen sa yo sou ralonj ki anwo e adwat paj web la.

XS
SM
MD
LG