Accessibility links

Breaking News

Plizyè  Avoka Ak Palmantè  Ayisyen Denonse Transfè Komisè Gouvènman Pòtoprens La, Joseph Manè Louis.


Desizyon minis jistis ayisyen an, Jean Joseph Exume, pran pou transfere komisè gouvènman an, Joseph Manès Louis, nan ministè lajistis pwovoke kritik plizyè avoka ak palmantè ayisyen. Pou prezidan komisyon jistis chanm bas la, Arsène Dieujuste, transfè komisè a se tou senpman yon revokasyon paske l’ pat vle antre nan konpwomi ak pouvwa ekzekitif la. Palmantè a deklare: «Minis Exume voye komisè Manès Louis ale paske ke l’ pat vle antre nan jwèt pouvwa ekzekitif la. Yo te konsidere l’ kòm yon eleman jenan. »

Komite Avoka kap devan libète endividyèl, KARLI, ale nan menm sans ak depite Dieujuste. Responsab KARLI a, Mèt Renand Hedouville, deklare : « Transfè sa a se yon gwo kou pou jistis ayisyèn nan. Minis jistis la ap revoke jij nan ekzèsis fonksyon yo pou l’ mete lòt moun kap defann enterè pèsonèl yo. » Mèt Hedouville mande prezidan Preval pou l’ reprimande minis jistis la.

Pou dwayen tribinal premyè instans Pòtoprens la, jij Rock Cadet, komisè Joseph Manès Louis tap fè yon bon travay nan pakè a menm si l’ te komèt kèk erè. Jij Cadet di : « Gen anpil efò ki fèt sou komisè Manès. Menm si li se yon jèn komisè, li pat otorize jij de pè yo desène manda pou voye mounn nan penitansye nasyonal. Sa se yo eleman pozitif nan aktif komisè Manès. »

Plizyè palmantè nan chanm bas la deja anonse yo pral konvoke premye minis ayisyen an, Michèle Pierre-Louis, pou l vinn bay eksplikasyon sou transfè Joseph Manès Louis a. Transfè komisè gouvènman an koenside ak sispansyon asiz kriminèl avèk e san asistans jiri yo nan jiridiksyon Pòtoprens la. Dwayen tribinal premyè enstans Pòtoprens la, Rock Cadet, fè konnen pakè a te transmèt li anpil dosye enkonplè nan kad asiz kriminèl sa yo.

jleroy@voanews.com

Klike sou ralonj la, anlè e adwat paj wèb la pou koute repòtaj la

XS
SM
MD
LG