Responsab ayisyen ak ofisyèl Bank-Entè Ameriken Devlopman an (BID) boukle Konferans 2 jou yo fè jedi ak vandredi 16 e 17 jiyè a nan peyi a pou diskite sou fason peyi karayib yo kapab fòme yon pi bon partenarya e entegre pi plis enstitisyon rejyonal yo, an patikilye Ayiti. Diyitè yo te diskite tou sou enpak kriz ekonomik mondyal la genyen sou nasyon karibeyen yo.
Premye minis e chèf gouvènman Ayiti a, Michèle Pierre-Louis, te pwofite opòtinite a pou l' remèsye piblikman enstitisyon finansyè ki konsanti anile 1 milya 200 milyon dola nan dèt etranjè peyi li. Men madan Pierre-Louis di desizyon sa te posib gras ak mezi e ak politik makwo ekonomik gouvènman li an aplike... an rezime: gras ak bon gouvènans, youn nan pwen òganizatè yo te diskite pandan Konferans lan.
Jean Robert Philippe se anvwaye espesyal Sèvis Kreyòl la nan rankont la. Li te kouvri 2 jou diskisyon yo pou Lavwad'lamerik. Repòtaj li yo nan twa pwogram ki pase chak jou sou antèn VOA e ke nou ka koute sou sit sa a.
Klike sou ralonj ki anwo e adwat paj la pou 'n koute dènye repòtaj li voye samdi sou topik sa a.
Sou menm ralonj lan tou, nou kapab tande korespondan nou nan vil Orlando, Yves Mompremier, kap pale nou de reinyon yon gwoup palmantè ameriken fè samdi ak militan ayisyen kap defann dwa refijye ak imigran ilegal ayisyen yo. Chita-tande sa a se pou pale sou stati pwoteksyon tanporè (TPS an'n angle) ya'p chèche bò kote gouvènman prezidan Barack Obama a pou imigran ilegal ayisyen yo.