Accessibility links

Breaking News

Selebrasyon 100èm. Ane NAACP: Prezidan Obama Di Jenn Ameriken yo Dwe gen Rèv ki Ale pi Lwen ke Spò avèk Mizik.



Prezidan ameriken an, Barack Obama, mete devan manm Asosyasyon Nasyonal Pou Pwogrè Nwa-Ameriken yo (NAACP) kèk defi pou yo leve, pou yo kapab kontinye lit kont diskrimasyon ak lòt baryè segman sosyal sa a ap konfwonte o Zetazuni. Misye Obama te pran lapawòl yè-swa (Lendi 16 jiyè 2009 la) nan vil New York kote NAACP mete yon konvansyon sou pye pou l selebre 100èm anivèse fondasyon n. Prezidan an lanse apèl bay tout ameriken nan jenerasyon aktyèl la pou yo onore lespri pyonye yo ki te fè sakrifis pou gen plis jistis nan peyi a epi li mande yo kontinye elimine baryè rasyal ki egziste toujou nan sosyete a. Sitasyon:

"Si militan dwa-moun nan Missisippi --kit yo te nwa, blan, kretyen e jwif, kit yo te fèt nan vil, kit yo te leve nan lakanpay-- te bay vi yo pou defann koz libète a, mwen gen konviksyon nou kapab mete ansanm pou nou elimine defi ki devan n nan epòk n ap viv la. Nou kapab repare lekòl nou yo, geri malad nou yo e sove jènès nou an anba vyolans ak dezespwa."

Misye Obama bay papa ak manman ki te nan piblik la defi pou yo pran responsablite yo nan zafè edikasyon pitit yo e nan kalite lekòl ki nan katye kote yap viv la. Li ba yo konsèy pou yo ankouraje timoun yo pou yo gen aspirasyon ki ale pi lwen pase spò ak mizik. Prezidan ameriken an di:

"Pitit nou yo pa kapab gen aspirasyon pou yo tounen sèlman vedèt basketball tankou Lebron James, oubyen rapè tankou Little Wayne. Mwen vle yo gen aspirasyon pou yo vin savan ak enjenyè, doktè ak pwofesè … e non pa sèlman atlèt ak rapè. Mwen vle yo vize nan rèv yo pou yo tounen manm Kou Siprèm nan… Mwen vle yo reve yon jou yo ka tounen prezidan Lèzetazini."

Mesaj prezidan Obama mete devan NAACP a nan okazyon 100èm. anivèsè fondasyon òganizasyon sa a, se premye diskou li fè sou ralasyon ant ras yo o Zetazini depi li te monte sou pouvwa a an janvye 2009 la.

Jdesmara@voanews.com

XS
SM
MD
LG