Accessibility links

Breaking News

Bank Entè Amerikèn Devlopman An (BID) Fete 50 An l’ An Ayiti


Minis finans karayibeyen yo, prezidan Bank Entè amerikèn Devlopman an, Luis Alberto Moreno, ak administratè rejyonal BID yo rankontre nan apremidi 16 jiyè a nan Pòtoprens, Ayiti pou diskite sou enpak kriz ekonomik mondyal la nan Karayib la. Rankont pòt fèmen sa a dewoule nan kad 2 jou aktivite bank la òganize pou make senkant an ekzistans li nan rejyon an.

Prensipal konseye nan konsèy administrasyon bank la, Ericq Pierre, di Lavwadlamerik avan rankont la, BID pral fè bilan travay li nan zònn nan, tande reaksyon peyi manm li yo, e gade ansanm avèk yo kòman l’ kapab ede yo fè fas a kriz sa a. Mesye Pierre ajoute: “ Nou pral pwofite chita pale sa a pou n’ defini vizyon, strateji ak pozisyon finansyè nou pou zònn nan.”

“Tranfòmasyon ekonomik nan Karayib la”, “Kalite lavi, aksè a sèvis pwoteksyon sosyal yo”, “Entegrasyon Ayiti nan CARICOM”, “Defi pou sistèm finansyè entènasyonal la ak enpak yo nan Karayib la” se prensipal tèm patisipan yo chwazi debat nan Forum 17 jiyè a. Bank Entè-amerikèn Devlopman an pral òganize menm aktivite sa yo nan Montevideo (kapital Huruguey) pou Amerik Latinn nan, nan Lima (kaptial Perou) pou peyi Anden yo ak nan Madrid (kapital Espay) pou peyi manm Euròpeyen yo.

jleroy@voanews.com

klike sou ralonj ki anlè e adwat paj web la pou koute entèvyou Jean-Pierre Leroy avèk konseye BID la, Ericq Pierre

XS
SM
MD
LG