Accessibility links

Breaking News

Pwogram Lib Tribin Lavwadlamerik Sou Rezistans Kont Antibyotik.


Pwogram Lib tribin mèkredi 15 jiyè 2009 la sou Lavwadlamerik. Doktè Jean-Claude Desgranges ki baze nan eta Florid ak doktè Evelt Charles ki tabli nan vil Jacmel ann Ayiti, reponn divès kesyon oditè ak entènot yo atravè lemond. Kesyon yo te plis chita sou orijin antibyotik, itilizasyon yo, konsekans sa genyen lè moun konsome yo san preskripsyon oubyen san kontwòl medikal, elatriye.

Daprè espesialis yo, konsome twòp medikaman antibyotik , itilize yo pou yon peryod twò kout ou twò long, tou sa ka kontribye nan fenomèn rezistans kont antibyotik yo.

Pou w koute pwogram lib tribin nan, klike sou ralonj ki anlè e adwat paj web la.

XS
SM
MD
LG