Accessibility links

Breaking News

Hillary Clinton: Etazini Pre Pou l' Dyaloge ak Iran Men Opòtinite Sa a Pa La Endefiniman


Sekretè Deta Hillary Clinton deklare Lèzetazini toujou pre pou’l dyaloge ak Iran, men li avèti “opòtinite” sa a pa pral rete louvri endefiniman. Nan ekstrè yon mesaj chèf diplomasi amerikèn nan pwononse jodi mèkredi a nan Washington, Clinton di “moman pou Iran sezi a se kounye a.”

Madan Clinton di "Lèzetazini te gade ak anpil admirasyon enèji pèp iranyen an te demontre pandan eleksyon prezidansyèl mwa jen pase a avèk, men li degoute devan represyon vyolan gouvènman an egzèse sou manifestan ki tap pwoteste kont eleksyon konteste prezidan Mahmoud Ahmadinejad nan tèt peyi a pou yon lòt manda."

Sekretè Deta ameriken an di gouvènman iranyen an te eseye maske zak li yo avèk arestasyon sitwayen etranje, ekspilsyon jounalis, epi koupe aksè popilasyon an a mwayen teknolojik yo. Li dekri mezi sa yo kòm mezi "deplorab e inakseptab."

Clinton di refi Lèzetazini nan le pase pou l' te trete avèk Iran pat rive anpeche Téhéran chèche posede yon zam atomik, ni redui apui Iran pou teworism ou ankò amelyore fason li trete sitwayen li yo.

Responsab diplomasi Lèzetazini an fini pa di Iran kapab tounen yon "aktè konstriktif" nan rejyon an Mwayen Noryan an si li sispann menase vwazen li yo e sispann apiye teworism.

Hillary Clinton deklare volonte Lèzetazini manifeste pou l' angaje nan diplomasi se pa yon siy feblès. Li avèti "Lèzetazini pa pral ezite defann tèt li ak alye li lè sa nesesè"--e li souliyen se pa yon menas li fè, men pito yon garanti li bay pèp ameriken an.

XS
SM
MD
LG