Samdi 11 jiyè pase a, prezidan Barack Obama "chante lwanj” pou peyi Ghana e pou
enstitisyon demokratik li yo. Chante lwanj ! men yon ekspresyon ki antre--mwen ta di depi plis pase yon ventèn lane--nan langaj jounalis yo.
An
franse li vle di: prezidan an “fè éloge” peyi afriken an pou pwogrè li fè sou
chimen demokrasi. Nou ka di tou li konplimante, li felisite li.
Chante
lwanj sòti nan vèb franse: louer (ke’n pa dwe konfonn ak yon lòt vèb “louer” ki genyen
sans mete yon bagay "en location" ou yon kay nan lwaye, pou’m bay yon
ekzanp).
Lwanj nap pale la a, genyen sans eksprime admirasyon ou pou yon aksyon, yon bagay, yon moun.
Nou rankontre l’ anpil nan milye
relijye yo kote pè, pastè ak fidèl yo reyini pou priye e chante lwanj
Granmèt la. Anpil fwa yo di fidèl yo ap bay Bondye lwanj. Men lè wa’p chante
lwanj Granmèt la, dapre mwen, se pliske admirasyon ou wa’p eksprime Bondye. Sa fidèl yo
ap fè pito, se glorifye (glorifier) ya’p glorifye Granmèt la, paske yo twò piti devan Bondye
pou yo ta va eksprime li admirasyon yo... E genyen yon ekspresyon nou tande souvan
nan milye kretyen yo ki di: An’n bay Bondye Glwa (mo franse a se "gloire" la gloire) e se
nan mo glwa a nou jwenn vèb glorifye a. Gloire à Dieu, Hosannah au plus haut des cieux !
Lè nap glorifye Bondye, lè nap chante lwanj li, nou chante kantik
tankou kantik nan liv Hymnes Et Louanges. Louanges sa a ekri avèk yon “s”,
sètadi li ou pliryèl, paske se anpil lwanj.
Men, tizanmi kap li ou kap
koute’m jodi a, map di’n tou ke se pa tout tan lwanj genyen sans konpliman,
felisitasyon, admirasyon. Mwen pral ba’n yon ekzanp: “Estèlen se yon ti
sousou, se tout tan lap bay kontremèt la lwanj”.
Nan ka sa a, mwen vle di
Estèlen se yon “flatè” (flatteur), se tout tan lap achte figi, lap “louanger” patwon, sipèvizè li.
Bay lwanj (louanger) nan sans nap pale la a genyen sans "flatterie,
flagornerie"; pou’m ede jèn kap etidye lang franse a, map di yo li sòti nan vèb "flatter".
Nan tounen sou li, yon lòt jou.
Malerezman, nan lavi a, genyen moun konsa vre: moun ki renmen lwanje lòt pou nenpòt ki motif e, pafwa, senpleman pou lwanje…
Konsa tout, gen zòt ki pa menm kite moun chante lwanj pou yo, ki pa kite
ou lwanje yo. Se yo ki lwanje pwòp tèt yo. An'n Ayiti, yo rele sa "chante kantamwa".
Pa ekzanp, si’m rete
mwen ou di, "tout chèlbè ou wè ti Pierre Bayonne tap fè sou teren foutbòl la nan ane 70, se mwen
ki montre misye choute boul, wi, sou teren Odeyid, " menm lè se pa vre.
Enben, si Bayonne te ka
tande’m li ta gen dwa di’m "ala nèg dyolè, papa ! Jacques, sispann chante lwanj
pou tèt ou non (sispann chante kantamwa ou) !"
Ala nèg lwanjè, se Jacques Jean-Baptiste (atansyon, se
yon ekzanp map bay, mwen pa konsa) li pa janm pap pale de tèt li. Enben, tout moun
ki renmen chante lwanj tèt yo, fè lwanj pou tèt yo (se flatter ou ankò se glorifier), nan peyi dayiti yo rele yo: djòlè, lwanjè.