Accessibility links

Breaking News

Seyans Depozisyon yo ap Kontinye nan Sena Ameriken an sou Nominasyon Jij Sotomayor pou yon Pòs nan Kou Siprèm nan


Sonia Sotomayor –jij prezidan Barack Obama chwazi pou okipe yon plas nan Kou Siprèm Lèzetazini an-- ap fè fas ak kèk kesyon difisil jodi madi 14 jiyè a nan moman Komite Afè Juridik Sena a ap fè yon 2èm jounen seyans depozisyon sou nominasyon n nan.

Jij Sotomayor chache kalme enkyetid senatè republiken kap poze kesyon sou filozofi li kòm yon jiris; paske, daprè yo, travay yon jij se swiv e respekte lavwa, e non pa refè ou re-ekri lalwa.

Nan premye seyans la lendi 13 jiyè a, Jij Sonia Sotomayor te pran angajman pou l montre enpasyalite ak fidelite vizavi lwa peyi a, si li jwenn konfimasyon Sena a kote li konparèt lendi 13 Jiyè a pou kòmansman sesyon kap dewoule sou nominasyon n nan. Nan ouvèti seyans la, Madam Sotomayor te pale de evolisyon vi li kòm yon vi tipikman amerikèn.

Sitasyon :"Pwogresyon lavi mwen se yon pwogresyon inikman ameriken. Papa m ak manman m te kite Potoriko pandan 2èm. Gè Mondyal la. Mwen te grandi nan sikonstans modès nan lojman piblik vil Bronx yo. Nan lekòl, papa m', ki te travay nan faktori, te rive nan elemantè 1 sèlman; li te mouri lè m te gen 9 van."

Prezidan komisyon afè jiridik la nan Sena a, demokrat Patrick Leahy, rejte kritik kèk kolèg repibliken ki di deklarasyon Jij Sotomayor te fè ak desizyon li te pran nan le pase, montre li dispoze pran desizyon ki pa baze sou lajistis. Youn nan republiken ki panse konsa yo, se Senatè Jeff Sessions, ki di kòmkwa si majorite sena a vote an favè nominasyon Jij Sotomayor la, sa tap atache plus enpòtans nan kandidati yon jij ki sèvi ak pwòp eksperyans pèsonèl li pou li pran desizyon, olye yon jij ki baze desizyon n sou bon jan entèpretasyon lalwa. N'ap site :

"Mwen pap vote --e pyès senatè pa ta dwe vote-- pou yon kandida, kèlkeswa prezidan ki nonmen n nan, si kandida sa a panse li akseptab pou yon jij pèmèt fòmasyon pèsonèl li, eksperyans li, sèks li, prejije li ak senpati li, fè desizyon n yo panche sou yon bò oubyen yon lòt. Pou mwen-menm, yon moun konsa pa kalifye."

Senatè Demokrat eta Kalifòni, Dianne Feinstein, bò kote pa l, fè konnen jij Sotomayor satisfè yon bann ak yon pakèt kondisyon pou l okipe yon plas nan Kou Suprèm nan. Senatè Feinstein di:

"Eksperyans elaji e apwopriye: ou satisfè sa. 2èmman : yon konesans apwofondi e solid lalwa ak konstitisyon-an: ou satisfè sa. 3èmmam: yon angajman fèm pou w swiv e respekte lalwa: ou genyen sa, paske se tout statistik ki montre sa. Yon tanperaman korèk ak entegrite: ou genyen tou lè 2. Epi, finalman, ou rezone tankou moun rezone nan gran kouran juridik-la o Zetazini."

Lavi ak Karyè Jij Sonya Sotomayor

Sonia Sotomayor se pitit 2 Portoriken. Li te grandi nan lojman piblik nan Bronx nan New York. Lè l te gen 8 tan, doktè te jwenn li te genyen dyabèt.Papa l te mouri yon lane aprè sa, e konsa se manman n sèlman ki te elve li-menm ansanm ak yon frè li nan moman madanm nan tap touche yon salè modès kòm enfimyè. Sonia tap pral fè etid li nan 2 pami pi bon inivèsite ki genyen o Zetazini: Inivèsite Princeton nan avèk Inivèsite Yale. Sonia Sotomayor te kòmanse karyè avoka li an 1979. kòm yon sibstiti-komisè gouvènman nan Manhattan, nan New York. Aprè sa, li te travay kòm avoka avèk kabiné prive papa l.

Prezidan repibliken George H.W. Bush (donk, Bush père) te nonme Sonia Sotomayor jij federal nan eta New York nan ane 1992. Prezidan demokrat Bill Clinton te vin nonmen n jij nan yon Kou Dapèl an 1997. An 1995, jij Sotomayor te pran yon desizyon moun byen konnen an favè kèk jwè Bezbòl ki te pote plent kont pwopriyetè ekip bezbòl yo a.

Desizyon sa a te mete fen nan yon grèv ki te racourci sezon bezbòl la pandan ane presedan an. Si Sonia Sotomayor jwenn konfimasyon Sena a, l ap tounen premye moun dorijin latino-amerikèn e 3èm. fanm kap okipe yon plas nan Kou Suprèm Lèzetazini an.

Jdesmara@anews.com

XS
SM
MD
LG