Accessibility links

Breaking News

Ayiti Toujou nan Kous  Koup Dò CONCACAF la


Foutbòl/ CONCACAF

Ayiti kale la Grenad 2 a 0 Mèkredi swa isit Washington nan 2 zièm rankont group B a koup dò KONKAKAF la nan yon duèl 2 peyi nan Karayib la. Fabrice Noel te louvri skò a pou Grenadye yo gras ak yon kou fran Brunel Fucien te shoute nan 14 zièm minit la.

Ayiti rate plizyè opòtunite jukaske nou rive nan 78 tièm minit match la lè James Marcelin te profite yon erè defans la pou l kore viktwa a. Antrenè seleksyon nasyonal la Kolonbyen Rios Randon di viktwa a te nesesè pou Ayiti apre yo te pèdu match douvètu a ." Mwen kwè sa ki enpòtan an nou ranpòte 3 pwen ke nou merite. Nou dwe kontinye lite pou n ranpòte lòt viktwa a.” Nan 2 zièm rankont sware a Etazini kale Onduras 2 a 0 gras ak 2 gòl Santino Quaranta ak Brian Ching make nan 2 zièm mitan an.

Nan klasman jeneral la Etazini an premyè pozisyon ak 6 pwen donk yo kalifye pou kar de final la. Ayiti klase 2 zièm devan Honduras sou gòl diferans menm lè 2 ekip yo gen 3 pwen yo chak.

Group B a ap jwe dènye rankont yo Samdi lè Ayiti ap rankontre Etazini nan Boston epi Onduras kont la Grenad nan menm sware a.

Nan group C a kap jwe Jedi 9 Juyè Gwadeloup kont Nikaragwa epi Meksik kont Panama.

2 premye nan chak group ap kalifye pou kar de final la ansnam ak 2 meyè 3 zièm yo.

XS
SM
MD
LG