Accessibility links

Breaking News

Somè G-8 la Tanmen Nan Peyi Itali


Lidè 8 pi gwo peyi endistriyalize nan lemond yo (kidonk Etazini, Lagrand Bretay, Lalmay, Lafrans, Itali, Canada, Japon ak Larisi) ap kontinye somè yo tanmen jodi a nan sant peyi Itali a, kote yap diskite sou ekonomi mondyal la, chanjman klima yo, ak kèk lòt dosye enpòtan.

Lidè yo rapòte ke yo fè pwogrè sou fason pou yo konbat “effet de serre” la, sètadi rechofman planèt la. Yo antann yo pou yo eseye elimine, disi lane 2050, 80-pousan nan gaz kap pwodui rechofman sa a.

Sou kesyon ekonomik yo, patisipan nan somè a afime angajman yo pran pou yo soutni kwasans finansyè, rejte mezi pwoteksyonis, epi kite mache yo ouvè. Yo gen pou yo diskite tou sou pwopagasyon zam nikleyè, pwoblèm grangou nan lemond, asistans pou peyi ki poko devlope yo, kriz politik peyi Iran ak Honduras, epi vyolans etnik kap frape rejyon Xinjiang nan peyi Lachin

Pou w ka konnen plis sou Somè G-8 la, fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la.

XS
SM
MD
LG