Accessibility links

Breaking News

Deklarasyon Prezidan Obama Sou Iran Ak Pwoliferasyon


Nan yon entèviou li bay chèn BBC, Prezidan Barak Obama deklare li nan enterè lemond e nan enterè Iran pou Repiblik Islamik la abandonnen anbisyon nikleyè li yo. Mesye Obama di “Iran gen potansyalite pou’l yon peyi pisan e rich; men Iran genyen plis chans wè potansyalite sa a
tounen reyalite san zam nikleyè ki kapab pwovoke yon kouss zam atomik nan rejyon an”.

Prezidan Obama di Iran “genyen preokipasyon enèjetik liejitim menm jan li genyen aspirasyon lejitim”. Kesyon an kounye a, nap site prezidan Obama: se tanmen yon pwosesis ki fè sans, ki serye, ant non sèlman ant Lèzetazini ak Iran, men tou pou Iran kontinye diskisyon konstriktif ak gwoup P5 plis 1 an.

Prezidan Obama chanje politik Lèzetazini e lap chèche yon estrateji diplomatik ki se patisipasyon tota-kapital li nan diskisyon diplomatik yo ak Iran sou pwogram nikleyè li a ansanm ak reprezantan Grann Bretay, Lachin, Lafrans, Larissi ak L’Almay.

Mesye Obama di BBC si 30 tan "hing-hang ant Iran ak Lèzetazini anpeche iranyen yo wè danje ki genyen nan chèche posede zam nikleyè, enben Lèzetazini vle louvri pòt diskisyon an e wè si yo va pase atravè pòt sa a.

Chèf Mezon Blanch la di tou, nan kad solisyon li anvizaje yo "li vle laji ajenda sou non-pwoliferasyon nikleyè-a--pou Lèzetazini ak Larissi redui stòk zam pa yo, yon fason tou 2 peyi yo ka verifye".

"Devlopman sa a, dapre mesye Obama, ka redui santiman iranyen yo genyen "kòmkwa lemond ap trete yo yon fason diferan ak zòt. Enpresyon sa a rann yo redonn".
"Nan kad ajenda elaji nou an, nap site prezidan Obama, sa nap fè nou pral etann konvèsasyon an sou kouman tout nasyon gen enterè pou yo bloke e redui a “long-terme” pwoliferasyon nikleyè".

XS
SM
MD
LG