Accessibility links

Breaking News

Baboukèt Sou Libète Lapawòl Nan Viêtnam


Otorite viêtnamyen yo arete yon gwo avoka ki se yon militan dwazimen anba akizasyon deske li te distribye enfòmasyon ki sal figi gouvènman an. Le Cong Dinh, se yon avoka yo respekte anpil nan Viêtnam e kliyan li yo mete sou lis "Fortune 500 hundred"--lis 500 pi gwo fòtin nan
lemond yo--e kòm disidan.

Arestasyon misye Dinh se yon gwo pa ann aryè nan moman relasyon Viêtnam ak rès mond lan e avèk Lèzetazini ap amelyore yon fason konstan. Otorite yo di yo arete msye Dinh paske lap defann militan pwo-demokrasi e l' tap sèvi ak entènèt pou li eksprime opinyon li.

Se yon vyolasyon kòd kriminèl viêtnamyen an ki entèdi sitwayen yo distribye enfòmasyon otorite yo estime kap nui imaj gouvènman an. Arestasyon sa a fè sonje pwosè 2 jounalis ane pase ki te ede ekspoze koripsyon ki genyen nan gouvènman an.

Malgre pwogrè nasyon viêtnamyèn nan fè, genyen kèk sektè toujou ki santi nesesite pou yo sèvi ak systèm legal la pou kraponnen kritik e vyole dwa inivèsèl kretyen-vivan, tankou libète lapawòl, olye yo ankouraje jistis ak responsabilite.

Okenn sitwayen pa dwe sibi arestasyon poutèt lap ekzèse dwa libète lapawòl li, e okenn avoka pa ta dwe resevwa pinisyon akòz kliyan li chwazi defann. Arestasyon mesye Dinh la an kontradiksyon ak angajman gouvènman viêtnamyen an pran pou là aksepte nòrm dwazimen ak Eta de dwa ke kominote entènasyonal la rekonèt.

Lèzetazini egzòte otorite viêtnamyèn yo libere imedyatman e san kondisyon mesye Dinh, ansanm ak lòt prizonye yo arete senpleman paske yo tap eksprime pasifikman opinyon yo.

XS
SM
MD
LG