Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Pral' Voye Anbasadè Nan Siry


Apre katran san anbasadè nan peyi Siry, Lèzetazini deside voye youn nan Damas. Pòtpawòl Depatman Deta Ian Kelly di Lèzetazini pre pou l’ mache avèk Siry pou pwomosyon enterè nou atravè yon dyalòg dirèk e konstan. "Nou kontinye genyen kè sote sou wòl Siry nan rejyon sa a. E nou panse youn nan fason nou kapab kalme kè sote sa yo se genyen yon anbasadè nan
vil Damas."

Lèzetazini te konvoke anbasadè li te genyen nan Siry a Washington an 2005, apre asasinay premye minis libanè nan epòk-la, Rafik Hariri. Anpil libanè kwè Siry te mele nan zak asasinay la. Nan peryòd sa a, Damas te genyen plis pase 30 mil sòlda nan Liban, malgre Rezolisyon 1559 Konsèy Sekirite Nasyonzini an, ki te mande retrè twoup etranjè yo nan Liban.

Nan moman li tap konvoke anbasdè li a, Lèzetazuni te fè konnen li kont prezans militè Siry nan Liban, e’l te eksprime kè sote li daprèzavwa gouvènman siryen an te refize regle yon fason kòrèk kesyon tankou prezans gwoup teworis entènasyonal sou tèritwa li ak aktivite konbatan etranje ak rebèl ap mennen depi tèritwa siryen an.

Kounye a, twoup militè siryen yo kite Liban e, dapre responsab militè ameriken yo, Damas pran mezu pou l' bloke flo konbatan etranje kap antre nan Irak.

Pòtpawòl Mezon Blanch lan, Robert Gibbs, te anonse nan mwa ki sòt pase yo, diplomat ameriken e siryen te rankontre pou yon seri chita-koze.

Desizyon Lèzetazuni pou l' revoye yon anbasadè nan Damas ”reflete klè ke gouvènman ameriken an rekonèt wòl Siry ap jwe, e’l espere ke wòl gouvènman siryen an kapab jwe, se yon wòl konstriktif pou ankouraje lapè ak stabilite nan rejyon an".


XS
SM
MD
LG