Accessibility links

Breaking News

Dappiyan Sou Pouvwa a Nan Nijè


Se tris, men peyi Nijè antre sou lis nasyon afriken ki sibi chòk lit pou pouvwa prezidansyèl, yon lis kap vin pi long alèkile. Nan yon tantativ pou prezidan Mamadou Tandja òganize yon referendum pou pwolonje manda li, li poze kèk aksyon ki menase stabilite ak demokrasi nan peyi li, e Lèzetazini ap suiv "de près" sitiyasyon k’ap dewoule lòtbò a.

Kriz la te kòmanse mwa pase lè pi gwo tribinal nan peyi Nijè a te deklare kòm aksyon ilegal tantativ prezidan Tandja te fè pou li òganize yon vòt popilè pou chanje konstitisyon an, yon fason pou li ka poze kandidati li pou yon twazyèm manda.

Prezidan an, ki sipoze kite pòs li lè dezyèm manda li a bout nan fen ane a, te reyaji: li te kraze tribinal la epi anonse li pral gouvène ak dekrè kounye a. Tansyon yo te ogmante apre li te dekrete “état d’urgence”, disoud Asanble Nasyonal la, arete pou yon ti tan gwo lidè opozisyon Mahamadou Issoufou, epi pase lòd pou mete baboukèt sou media yo pou pa gen twòp deba sou desizyon l’ pran yo.

Inyon Afrikèn nan voye yon delegasyon nan Nijè pou ede pwotagonis yo jwenn yon antant ak yon solisyon pasifik pou kriz la. Kominote Ekonomik Eta Afrik de Lwès yo gen kè sote tou, e li pibliye yon kominike ki fè konnen kapab gen sanskyon ekonomik kont prezidan an si aksyon n yo kontrè ak prensip demokratik yo.

Se ta regretan, puiske sanksyon sa yo tap fin pa afekte sitwayen nijeryen yo tou.

Nan kèk ane ki sot’ pase la yo, peyi Nijè fè bon jan pwogrè nan efò pou tabli bon gouvènans ak “état de droit.” Desizyon prezidan Tandja pran tou dènyèman la a minen pwogrè sila a, e Lèzetazini pral rete an kontak e kolabore ak patnè li yo nan rejyon an pou fasilite yon solisyon nan kriz peyi Nijè ap travèse a.

XS
SM
MD
LG