Accessibility links

Breaking News

Prezidan René Préval ak Ansyen Prezidan Bill Clinton Vizite Gonayiv ak Site Solèy


Prezidan ayisyen an demanti enfòmasyon ki fè konprann anvwaye spesyal Sekretè-Jeneral L'ONU an, Bill Clinton, pral ouvè yon biwo ann Ayiti.

René Préval te pale sou dosye a pandan li te akonpaye Msye Clinton apremidi madi a nan Site Solèy.

Anvan sa, nan maten, Bill Clinton te nan vil Gonayiv kote, akote Chèf leta ayisyen an, li te asiste operasyon netwayaj Rivyè Lakent, travay ki gen yon enpòtans total-kapital, sitou nan peryòd siklòn.

XS
SM
MD
LG