Accessibility links

Breaking News

Koup Dò KONKAKAF la ap Rapousib


Foutbòl/ KONKAKAF

Koup dò KONKAKAF la ap kontinye jodi a lè Jamayik ap rankontre Kosta Rika epi El Salvador fas a Kanada.

Demen Mèkredi a isit Washington seleksyon nasyonal Ayiti a ap rankontre la Grenad epi Etazini kont Onduras.

Foutbòl/ Etazini

2 ansyen foutbolè ameriken Cat Whitehill ak Leslie Osborne ap retounen nan seleksyon feminen an kap jwe 2 match amikal kont Kanada nan mwa Juyè a. Premye rankont la fikse pou 19 Juyè nan Rotchester New York epi Charleston South Carolina 3 jou apre.

Foutbòl/ Eròp

Bayern de Munick mande 80 milyon dola si Real Madrid ta vle jwen sèvis Franse Frank Ribbery. Delè a fikse pou 16 Juyè menm jou antrenman yo ta dwe kòmanse. 80 mil fanatik te reyuni nan stad Santiago Bernabeu a pou akeyi nouvo vedèt Real Madrid Pòtugè Cristiano Ronaldo.

Òganizatè match tout vedèt ant FC Barselòn ak yon seleksyon entènasyonal tout vedèt di FIFA te anile rankont la kit e dwe jwe 4 Juyè pou rezon ke yo pa kapab eksplike.

Cyclisme/ Tour de France

Siklis Britanik Mark Cavendish ranpòte pou yon 2 zièm fwa afile etap kous bisiklèt Tour de Frans la malgre Swis Fabian Cancellara toujou nan tèt klasman jeneral la ak 33 sekond. Ameriken Lance Armstrong klase 3 zièm nan klasman jeneral la.

XS
SM
MD
LG