Kèk manm gouvènman de facto Honduras la di L’OEA yo dispoze tanmen chita-tande, nan moman Prezidan depoze a, Jose Manuel Zelaya, kite Washington, ak espwa lap ka retounen nan peyi li pou li reklame plas li nan men politisyen ki nan palè a depi kou deta 28 jen pase a. Anvan depa msye Zelaya, kek responsab te fè konnen lap gen avèk li Prezidan Asanble Jeneral L’ONU an, Miguel D’Escoto (yon nikaragweyen), ansanm ak 3 Chef Deta latino-ameriken (Ajantin Cristina Fernandez de Kirchner, Ekwatoryen Rafael Correa ak Paragweyen Fernando Lugo).
Media nan Honduras di tout vol anile nan ayewopo Toncontin nan kapital la pou anpeche prezidan depoze a ateri. Achevek Tegucigalpa a, Kadinal oscar Rodriguez te deklare yè samdi a, msye Zelaya pa ta dwe retounen paske si l’fè sa ap gen anpil san koule nan Honduras. Deja, nan apremidi dimanch la, korespondan plizyè chèn televizyon nan rejyon an te rapòte omwen 2 mò, ak plizyè blese, lè sòlda te ouvè kout zam sou foul patizan Prezidan Zelaya ki t'al manifeste toupre ayewopò a.
Yè samdi 4 jiyè a, Oganizasyon Eta Ameriken yo te vote ak 33 vwa pou 0 kont, pou sispann Honduras kom manm. Se premye fwa L’OEA met’ yon peyi deyo nan òganizasyon an, depi ekspilsyon Kiba an 1962.