Accessibility links

Breaking News

Yon Dezyèm Kouwòn Nan Wimbledon Pou Serena Williams Apre Final Tennis Doub Medam yo


Venus and Serena Williams ranpòte katriyèm tit chanpyòn Wimbledon nan final doub medam yo avèk yon viktwa 7-6 (4), 6-4 sou ostralyèn Rennae Stubbs ak Samantha Stosur. Final doub yo dewoule 2 zèd'tan apre final senp medam yo ant 2 sè yo--final ki fini nan avantaj Serena samdi 4 jiyè 2009 la, jou Lèzetazini ap fete 233 zyèm anivèsè endepadans li vizavi Langletè.

Se dezyèm tit chanpyòn 2 sè yo ranpòte nan konpetisyon doub "the All England Club la" e se nevyèm kouwòn yo nan yon konpetisyon kote yo fè ekip nan yon tounwa Grand Chelem.

Asanm, yo ranpòte 3 fwa Open Tennis Australian (tounwa janvye 2009 la pami 3 viktwa sa yo) , plis U.S. Open nan ak Open franse Roland Garros la, youn tounwa pou yo chak.

XS
SM
MD
LG