Accessibility links

Breaking News

L'OEA ap Fè Demach pou Manuel Zelaya Retounen sou Pouvwa a nan Ondiras : Sekretè Jeneral Insulza Prale Tegousigalpa Samdi


Sekretè jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), José Miguel Insulza, anonse li prale nan peyi Ondiras jodi vandredi a pou l fè demach pou Prezidan Manuel Zelaya retounen sou pouvwa a. Misye Insulza fè anons la yè jedi a nan yon somè lidè peyi Karayib la ki dwewoule nan nan Gayana. Chèf l'OEA a deklare li pa pral Tegousigalpa pou l negosye, men pou l renmèt gouvènman «de facto» a yon iltimatòm. L' OEA vle pou misye Zelaya retounen sou pouvwa a pa pi ta ke samdi 4 jiyè a; sinon Ondiras ap pèdi estati li kòm manm òganizasyon rejyonal la.

Pandansetan, prezidan pwovizwa a nan Ondiras, Roberto Micheletti, ki tap pale jedi swa, deklare li pa ta genyen okenn pwoblèm pou l òganize eleksyon pi bonè si sa ka ede rezoud kriz politik la. Yon eleksyon prezidansyèl te fikse deja pou mwa novanm nan. Nouvo gouvènman an akize misye Zelaya deske li se yon trèt ki te komèt abi pouvwa e otorite yo di yo pare pou yo arete l si l tounen Ondiras.

Nan Washington, Depatman Deta a anonse li bloke pwovizwaman asistans Lèzetazini pou peyi santwo-ameriken an, sitou nan domèn militè a. Ian Kelly, pòtpawòl Depatman Deta a, ensiste sou baz legal asistans la. Nap site :

"Nap etidye aspè legal la. N ap chache konnen si nou ka aplike nan ka sa a seksyon 7008 lwa amerikèn sou asistans etranje a. Pandansetan nou pran kèk aksyon kote nou bloke pwogram asistans la pwovizwaman --pwogram ki ka kanpe nèt si yo rive pwouve legalman ke evenman 27 jen yo se te yon kou deta militè. »

Malgre iltimatòm OEA ki mande pou misye Zelaya retounen sou pouvwa a nan Ondiras ap bout samdi, yon responsab nan Depatman Deta a di, an pratik, pwosesis diplomatik ki nesesè nan ka sa a kapab pi long ke sa moun te panse, paske l ap difisil pou yon reyinyon fèt sou sa samdi nan katye jeneral OEA a nan Washington kote òganizyon an genyen katye jeneral li ki tou pre sant festivite kap make anivèsè endepandans Lèzetazini menm samdi 4 jiyè a.


XS
SM
MD
LG