Plizyè ekonomis ayisyen reyaji pozitivman apre desizyon Bank Mondyal, Fon Monetè Entènasyonal ak Bank Entèramerikèn Devlòman anonse pou yo elimine dèt Ayiti te gen pou yo, rive jiskan 2004.
Renan Toussaint gen deklarasyon Eddy Labossière ak Camille Charlmers fè sou dosye a.
Isit Washington, Depite demokrat Maxine Waters salwe desizyon ensttisyon multi-lateral yo tou, men li mande pou etranje ki prete Ayiti lajan yo ta efase tout dèt peyi a nèt, pou responsab ayisyen yo ka konsakre resous yo pou devlope peyi a e bay popilasyon an sèvis li bezwen.
Pou w ka koute repòtaj sa a, ale sou ralonj ki anwo, adwat paj la.