Accessibility links

Breaking News

Prezidan Honduras la Pèdi Pouvwa a Nan Yon Kou Deta Militè


Lame Honduras egzile Prezidan peyi a kèk èdtan anvan yon referendum kote pèp la tapral deside si li kapab kandida pou yon dezyèm manda. José Manuel Zelaya te lanse referendum nan malgre Lakou Siprèm nan te di li ilegal.

Kou deta a rive jodi dimanch 28 jen an lè sòlda te debake kay Prezidan José Manuel Zelaya, arete li, kondi li nan yon baz militè, anvan yo te voye l' ann egzil nan peyi Costa-Rica.

Nan yon konferans-pou-laprès Prezidan Zelaya bay nan ayewopò San José a, li fè konnen sòlda yo te kidnape l' avèk vyolans e britalite, epi yo te fòse l' pran egzil an pijama.

Prezidan ameriken an, Barack Obama, lanse yon apèl pou lòd konstitisyonèl retounen nan Honduras. Nan L'OEA, Sekretè-Jeneral òganizasyon rejyonal la, José Miguel Insulza, kondane kou a san mete dlo nan bouch li.

Prezidan Zelaya se yon zanmi lidè peyi Venezuela a, Hugo Chavez, ki pwomèt li pral fè tout sa k'posib pou ranvèse kou deta a nan Honduras.

Fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la pou w koute deklarasyon Prezidan José Manuel Zelaya ak Sekretè-Jeneral OEA a, José Miguel Insulza.

XS
SM
MD
LG