Accessibility links

Breaking News

Etazini Kalifye pou Final Koup Konfederasyon an


Foutbòl/ Koup Konfederasyon

Etazini defye tout pwonostik ekspè spòtif yo apre li kale numewo 1 foutbòl mondyal la Espay 2 a 0 pou l klase nan final koup konfederasyon an. Se premye fwa Etazini kalifye nan final yon gran konpetisyon entènasyonal. Jozy Altidore ki gen manman ak papa l ayisyen, make premye gòl la ameriken yo. ̂"Mwen te gen ase chans pou m nan pozisyon kote Clint Dimpsey te glise balon an. Mwen te eseye plase m ant balon an ak defans espayòl la-yon pozisyon ki pèmèt mwen lage balon an nan file gadyen Iker Casillas."

Clint Dimpsey te pwofite de yon erè nan defans espayòl pou kore viktwa ameriken yo ak yon 2 zièm gòl. Espayòl yo te fè tout efò posib men gadyen ameriken an Tim Howard te entèvenu pou sove ameriken yo. Etazini ap rankontre an final venkè semi final ant Brezil ak Afrik du Sud. Espay ap rankontre pèdan an.

Isit Ozetazini- Toronto Foutbòl Klub suprann New York RedBulls ak yon viktwa 2 a 0 pandan ke Dallas rache yon match nul 1 a 1 nan men Kolorado Rapids. An match amikal entènasyonal Meksik wouze Venezuela 4 a 0 an preparasyon ak koup dò KONKAKAF la.

Baskètbòl/ O'Neal

Nouvèl yo rapòte Cleveland Cavaliers jwen yon akò de prensip pou l jwen sèvis Shaquille O’Neal kap jwe nan Phoenix Suns. Nouvèl yo rapòte an retou Phoenix Suns ap resevwa Ben Wallace ak Sasha Pavlovic nan men Cleveland epi 2 zièm chwa nan tiraj osò a ak lajan likid. Objektif la se kore vedèt ekip la Lebron James nan jefò pou ranpòte yon tit chanpyon nasyonal.

Tennis

Gran jwè tenis ameriken Andre Agassi ap retounen nan sikwi tenis la mwa pwochen an lè lap patisipe nan koup tenis pa ekip mondyal la ki baze Ozetazini. Agassi ap jwe 2 match pou Philadelphia Freedoms an Juyè avan li patisipe nan kèk lòt tounwa nan fen ane a.

Swis Roger Federer ak ameriken Serena Williams kalifye pou 3 zièm tou tounwa tenis Wimbledon nan. Supriz Rus Maria Sharapova tonbe nan wout fas a Arjanten Gisela Dulko 6-2, 3-6, 6-4.

XS
SM
MD
LG