Accessibility links

Breaking News

Prezidan René Préval Fikse Pozisyon l' Ofisyèlman Sou Lwa Salè Minimòm Nan


Piblikasyon lwa ki fikse salè minimòm jounalye ayisyen an (youn nan prensipal revandikasyon etidyan inivèsite leta ak prive yo) toujou nan kè aktyalite a nan peyi Dayiti. Apre plizyè semèn manifestasyon, kèk fwa vyolan e ki fè viktim pami manifestan yo, prezidan René Préval finalman fikse pozisyon li nan yon lèt li voye bay lejislatè yo e ke l' pibliye mèkredi nan jounal Le Nouvelliste.

Lidè aysyen an, ofisyèlman renouvle objeksyon li kont ogmantasyon salè minimòm nan nivo depite ak senatè yo mete l' la, sètadi, 200 goud olye 70 li ye kounye a, selon nouvo lwa a. Misye Préval eksplike ogmantasyon sa a ka pwovoke chomaj nan sektè soutretans lan, ki rete pi gwo anplwayè ann Ayiti, nan moman peyi a ap chèche kreye pito plis travay.

Semèn pase, jounalis yo te aprann prezidan Préval swete yon ogmantasyon a de vitès:125 goud pou sektè Pak Endistriyèl la e 200 goud pou lòt sektè yo. Yon pwopozisyon 2 chanm palman ayisyen an poko reponn jiskaprezan. Okontrè, reprezantan pèp la yo te menm menase pou yo reyini pou deside pibliye lwa a jan li ye a si prezidan an pa vle siyen l' pou voye li nan jounal ofisyèl peyi a, Le Moniteur.

Nan lèt li pibliye nan Le Nouvelliste la, prezidan René Préval envite lejislatè yo pa fèmen pòt negosyasyon yo.

NB:Pou devlopman nouvèl sa a ak lòt pwen ki domine aktyalite mèkredi 24 jen an koute pwogram nou yo sou lyen ki agoch paj sa a ki rele "Pwogram apre midi a". Nou ka koute tou, pwogram maten an ak pwogram midi edmi an avèk yon klik sou lyen ki koresponn ak emisyon nou ta renmen tande a. Epi, nou gen dwa fè yon klik sou lyen ki anwo e adwat paj sa a pou devlopman atik sou salè minimòm nan.

XS
SM
MD
LG